Atik 213 Konstitisyon ayisyen ane 1987 la, mande Leta pou li kreye yon akademi ki dwe travay pou «devlopman syantifik» lang kreyòl la. Pandan ouvèti XIIyèm kòlòk Asosyasyon Etid Kreyòl ki te fèt Ayiti nan mwa novanm 2008, Fritz Deshommes, vis rektè pou rechèch nan Inivèsite Leta Ayiti (ILA) nan epòk sa a, te lanse yon apèl pou ekspè ak otorite Leta yo koumanse reflechi sou fason yo pral mete akademi an sou pye jan Konstitisyon 1987 la mande li a. Se kon sa Rektora ILA ak kèk lòt sektè nan sosyete sivil la te lanse inisiyativ fòme yon komite pou mete akademi an sou pye. Soti 27 pou rive 29 oktòb 2011, ILA òganize yon kòlòk entènasyonal nan Pòtoprens kote yo te brase lide sou tèm «Akademi Kreyòl Ayisyen: Ki pwoblèm? Ki avantaj? Ki defi? Ki avni?»…