Des dodos comme s’il en pleuvait !!!… par Emmanuel Richon

Par plusieurs articles parus dans les colonnes du journal L’Express, les 25 et 29 décembre 2013, puis le 14 janvier 2014, je tentais, hélas sans succès, d’alerter et informer vos lecteurs comme les autorités concernées, de l’existence de plusieurs ventes aux enchères prestigieuses ayant eu lieu la même année et où figuraient, entre autres, des ossements de dodo.

Kèk mit sou lang kreyòl ayisyen ki dwe disparèt

Hugues Saint-Fort

Majorite moun ki pa lengwis pataje yon seri kwayans sou lang moun pale lan yon sosyete san pa gen okenn prèv ki baze sou rechèch lengwistik  pou soutni kwayans sa yo. Lengwis rele kwayans sa yo «mit lengwistik» (language myths) (Trudgill 2003; Van Herk 2012). Pa egzanp, gen anpil moun ki kwè genyen lang ki pi “primitif” pase lòt, osnon chanjman lengwistik se yon fenomèn ke grameryen yo dwe konbat paske l ap detwi varyete estanda ki tabli lan yon sosyete. Lan sosyete amerikèn lan, te genyen yon lide ki te fè kwè ke anpil lan karakteristik angle Nwa Ameriken (African American English) yo pale, se te konsekans gwo dyòl (large lips) Afriken Ameriken yo genyen (Van Herk 2012:153).