Anvan Koze
Zanmi m Idi Jawarakim al jwenn linivè zansèt yo samdi 30 avril 2022, alaswit konplikasyon maladi Pakennsonn. Se te yon nonm eksepsyonèl, yon vrè Ginen. Konnen maladi a te ka anpeche l vin pale sou tèt li, sou ki moun li te ye, sou sa l te reprezante, mwen te ekri pwofil sila a. Esè sa a se yon chapit dènye liv mwen Tyaka Poetica, ki soti an 2021 lakay edisyon Trilingual Press. Sè li, Danielle, di mwen misye te kriye lè l te li pou li pwofil la. Nan yon konvèsasyon apre sa, misye repwoche m an blangan ke m «ponpe l monte twò wo»...