DO KRE I S : 4. Trace (s) / Mak

Le monde bouge, les sociétés se donnent la main au nom de la globalisation. Du haut lieu de ces croisements prend naissance un nouveau concept, la multiculturalité. Mais chaque terroir conserve l’essence de son folklore…

Joudlan nan Peyi Lakay

Nwèl ak Joudlan do pou do. Yo sanble kou de gout dlo. Lakay, premye janvye se pa senpman ti joudlan, men li gen yon siyifikasyon marasa. Se premye jou ane a se vre; men tou se jou zansèt nou yo te kanpe nan vil Gonayiv pou deklare omonn antye esklavay kaba nan peyi Ayiti, Ayiti lib-e-endepandan…