Sa “Blan” an di? de Jacques Pierre

Nan ti grenn kesyon sa a ki gen sèlman kat mo, tout desizyon politik ak demen tout pitit tè Desalin yo– tout koulè moun, kèlkilanswa kote yo rete– chita ladan. Èske li ta dwe kon sa? Pou kèk moun, se pa yon pwoblèm depi enterè yo pa atake, epitou se kò yo ki ann Ayiti; men, nanm yo ak byen yo se lòt bò dlo yo ye. Pou kèk lòt, kesyon sa a pa gen plas li menm paske fondatè peyi a te reponn kesyon sa a depi 1804.  Ki fè, chak kan kanpe sou brenzeng yo, epi Ayiti ap make pa an plas. Depi lontan e menm jounen jodi a, vre kesyon an ta sipoze; sa nou-menm Ayisyen nou di? Domaj, se yon ti ponyen moun ki gen kouraj ase pou poze kesyon sa a paske yo pa mare nan pye tab “Blan” an. Nou pa fouti jwenn repons kesyon sa a si nou pa onèt ak tèt nou.