Kreyòl ayisyen ak kreol morisien men nan men

Nan lide pou nou rasanble tout pèp ki pale yon kreyòl ki prèske chita sou menm baz leksikal, nou koumanse yon seri entèvyou depi ane pase pou nou montre kouman nou ka konprann yonn lòt an kreyòl malgre de twa diferans leksikal ak gramatikal ki egziste nan lang kreyòl sa yo. Nan seri entèvyou sa yo, w ap jwenn kreyòl ayisyen an ki deja makonnen fòs li ak kreyòl nan Sechèl, kreyòl nan Moris, kreyòl nan Trinidad ak Tobago, kreyòl nan Sent Lisi pou nou sa rive konstwi yon kreyolofoni konbit. Plis n ap travay pou nou konprann yonn lòt nan lang nanm nou, nan lang rasin nou, plis n ap anrichi lang kreyòl nou yo pou nou rive fòme yon kominote lenwgwistik mozayik kote egzistans nou ak desten nou depann de yonn lòt...