Pierre Michel Chéry
Ki bèt nan bwa ki manje solèy la? Pèsonn pa konnen. Machann ki t ap leve al achte, chofè kamyonèt ki ta pral travay, abitan ki ta pral nan jaden, pechè ki t ap jete nas, yo tout ap rakonte menm istwa a. Solèy la t ap leve, klète te koumanse blayi, sanzatann, yon gwo bri soti nan fon lanmè a, vag yo monte, tonbe fè dega, solèy la disparèt. Tout moun ap rele : Solèy la tonbe nan lanmè. Gen grandèt ki di se yon madichon, solèy la bouke chofe moun ki gen move kè ak moun k ap fè krim.