Ochan, Pwòf Jean Bernabé

Ochan, Pwòf Jean Bernabé
Yon michan mapou tonbe.
Men, rasin yo ap pouse

Michel DeGraff

Anvan « Éloge de la créolité » ki te parèt an 1989, te gen « FONDAL NATAL » ki te parèt an 1983.  Liv sa a se yon bib sou lengwistik lang kreyòl Matinik & Gwadloup.  Se depi lè sa a piblikasyon Pwòf Jean BERNABÉ yo ap enspire m, depi m lè m te « timoun »–etidyan doktoran.  Kounye a, Pwòf BERNABÉ ale kite nou; l ale nan peyi san chapo. Mezanmi o, sa se yon gran mapou ki tonbe wi. Men, mapou sa a kite anpil rasin ki deja ap bay lòt jèn mapou ki deja ap bay bon jan fwi pou nou tout ki pale lang kreyòl tou patou sou latè beni.

MÈSI PWOF. BERNABÉ…