Rezime
Atik sa a devlope sa ki esansyèl pou tout Ayisyen ta dwe konnen sou prensipal lang moun pale ann Ayiti, lang Kreyòl, men ke malerezman anpil moun konnen mal, swa paske lekòl ann Ayiti pa te janm aprann yo anyen sou li, swa paske yo menm pa janm fè efò pou mete bèt sou yo, swa paske yo meprize pwòp lang yo pale toulejou avèk Ayisyen parèy yo. Atik la esplike ki sa Kreyòl ayisyen ye epi ki sa li pa ye; ki kote li sòti; ki sa li reprezante pou Ayisyen an jeneral epi ki plas li dwe okipe nan edikasyon ann Ayiti. Se yon atik ki baze sou syans lengwistik ki se espesyalite mwen. Li pa gen okenn vize polemik. Li pa fè okenn «voye monte».
Mo kle:
Lang Kreyòl, lengwistik, edikasyon, lang matènèl, lang sous Kreyòl, kreyolofòn.