Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Joelle
Ou lonje m la men
Paske ou tande rèl mwen
Nan fon dezolasyon.
Mwen pran men ou.
Men m nan men ou,
Mwen grenpe vin jwenn ou.
Kòtakòt bò kote ou,
Ou ban m chalè.
M admèt moman enkyetid.
Ou chichote,
«Menm woz gen pikan.
Gen jan pou kenbe l».
Ak oun elegans, enkwayab
Men, vreman, vre,
Ou fè prèv delikatès.
Se kòmsi ou te konnen,
M se oun ze fele
Ki sere nan bwat pou pa kraze.
An verite, ou fè m sonje,
Pa gen omlèt san kase ze.
Pawòl ou rantre li pa sòti.
Ou mache nan san m.
Anndan m se jazz pa ou la.
Ou se sél mizisyen.
Mwen santi dis dwèt ou
Sou vennkat kòt mwen.
Gòj mwen se flit nan bouch ou.
Ou akòde kè m,
Li bat nan gou ou.
Lap sispann jwe pou Joelle,
Sèlman,
Jou m pédi souf.
Doumafis, 2022
*