Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Florilège de poèmes Publié le 2020-04-30 | Le Nouvelliste |
À l’occasion du 112e anniversaire de Le Nouvelliste, le poète André Fouad gratifie à nos lecteurs d'un florilège de poèmes. Une vraie coulée lyrique qui chante dans son coeur comme un clair ruisseau. À travers ces lignes nous souhaitons bonne fête à cet artiste des mots qui a vu le jour à Port-au-Prince le 2 mai 1972. Savalouwe Le Nouvelis
Savalouwe Le Nouvelis
Fèy papye w
charye sekrè lakonesans
fè ti chay gwo chay
pou bati wout pou lavni
mwen se zanfan w
mwen bwè nan pla men w
benyen nan lanmè w
pou m lave je m
se lalin ou ki kouvri m
pou lè tan pa prese toufe m.
122 zan lanne ale
122 zan lanne vini
van woule, van blese
tan anraje, loray gwonde
112 zan
ou rete gade tan an nan je
pou tan rete tan
ou gade limyè a nan je
pou limyè rete limyè
yon lòt fwa
fèy papye w se letajè listwa
fè ti chay gwo chay
pou lage chalbari dèyè move lonbray.
122 zan
ou travese tan
lespas se pa pale
kredo w se branch limyè
nan lantouray.
pou zwezo reve
pou zwezo danse jan li vle.
112 zan
Le Nouvelis
savalouwe pou ou.
Etensèl mo m
Se nan silans mo yo
mwen grenpe al jwenn pawòl lannwit
kite pou mwen
flè bò chimen
pran raconte m sa yo ye
tout mo yo sanble
nan lakou rekreyasyon
legzistans mwen
mizik mwen monte
ak tout sa ki te rete
chalè mo m yo monte
nan plafon syèl la
li kite bon jan flanm
L’étincelle de mes mots
J’ai été cueillir la parole
cadeau de la nuit
jusque dans le silence de mes mots
dans l’allée
les fleurs s’ouvrent à moi
tous les mots se ressemblent
dans la cour de récréation
de mon existence
ma musique s’élève
avec tout le reste
la chaleur de mes mots
est montée
des flammes en sont restée
5 Kob penich
Soley koupe fache ave'm depi 3 jou
se te tan madigra nan peyi'm
branch pawol mwen aliyen sou gran chimem
branch pawol mwen aliyen tout kote'm pase
m'anvi diw yon lot pawol
yon pawol ou pa janm tande
yon pawol ou pa janm reve
yon pawol ou pa janm desinen
yon pawol ou pa janm we ki defile nan akwaryom la vi'w
yon pawol la vi
yon pawol lakansyel
yon pawol tou limen
m anvi di w yon pawol la foli
m anvi di w la foli se yon gwo sevolan papye fen
li vwayaje le li jwenn van
van ti lesepase'm
van ti frerejakem
van ti domevou'm
van van van
van ale ak posesyon pawol mwen byen lwen
deye mon belans peyi granme m kote papa'm
m anvi di w depile sa le ou vle le ou pi pito
se ak cheve w m aprann trese rev bouklet mwen
Istwa m
André Fouad
Traduction: Jeanie Bogart
Zetwal lannwit
son langaj alenfini
son boul dyaman benediksyon
ki pran woule
mo m yo son bann timoun piti
yo bave nan bèso tan an
son toupi k ap vire vire
ak ti kal listwa lannwit mwen
Mon histoire
L’étoile de nuit
un langage à l’infini
une bénédiction
un diamant qui roule sur elle-même
mes mots, une ribambelle d’enfants
bavant dans le berceau du temps
une toupie qui tourne
avec un brin d’histoire de mes nuits.
Mak pye
Mwen se yon ti moso lalin toutouni
van paweze pa bò isit
yon jou kou jodi a
yon jou san kaye
yon jou ki sere m
nan fon sakit li
yon jou listwa bliye
AMERIKA AMERIKA
se toulèjou m ap mouri anba talon pye lanmè'w
mwen s on nèg kongo
kote solèy reve
chak wout pa bò isit
son chaplè remò
ti dife boule
gwo bri gwo kont
chak wout pa bò isit
S on istwa ki mele ak regrè
ki mal ekri
chak wout isit
son tach san sou do men m
douvan estati lalibète
lamerik trayi m anlagan
mwen S on nèg Yoruba
kote solèy leve
*