Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Kran Wanament ou Kado Endepandans

Bonel OXINÉ

Audio


Courtesy EDA & IVFOSEN

Avril 2024 : April 2024

Dr / Prof. Bonel OXINÉ

Fakilte Lengwistik Aplike (Fla)  Faculty of Applied Linguistics
Direktè e Fondatè  Director and Founder
Esperyans Dyaspora Ayisyen  The Haitian Diaspora Experience
Inivèsite Vityèl Fowòm Senlwidisid & Plis  Senlwidisid Virtual University Forum & Plus

Kanal bèl mèvèy pou Ayiti ak anpil bèl lòt esperyans
Kanal bèl pelerinaj chemen espwa, vikwa, delivrans
Kanal bèl souvni odè ak gou pou bèl anbyans endepandans
Kanal bonjan repons pou avni yon jenès san esperans

Kanal fyète ak diyite kont kabann an fè zoukoutak depandans
Kanal gason kanson, fanm vanyan, egzanp transparans
Kanal ki gen nan je yon pèp yon kokennchenn enpòtans
Kanal ki mande bonjan refleksyon ak repantans

Kanal ki pote bonjan lespwa aprè konbyen deseni tolerans
Kanal ki pouse yon nasyon nan yon gwo nivo rejwisans
Kanal ki vle mare nou ansanm anba kout kòd konsyans
Kanal konbit kont tout tolerans, inyorans, sitirans

Kanal kont fado kòve lave men siye atè wout penitans
Kanal kont soudevlopman asistana ou move asistans
Kanal kont vwazen ak tout zanmi trèt kè plen malveyans
Kanal lanmou pou sante plizyè jenerasyon tout kwayans ak tandans

Kanal lespri zansèt makònen ak bonjan pouvwa rezistans
Kanal libète pou nou rete travay lakay, laba gen maltretans
Kanal lidè djanm ki pa ni nan vann nanm ni danse move dans
Kanal medikaman pou bonjan revèy ak vijilans
Kanal nan nivo ekonomi ak finans pou moso vanjans
Kanal palavire plantè pral bay mizè pou kase montay soufrans
Kanal pataswèl bay manje ak bwè ki gen gou mefyans
Kanal popilasyon ki montre lòt nasyon enpòtans te fèy rezilyans

Kanal popilasyon ki pa danse-kole ak desizyon k ap pran sou chans
Kanal pou demaske mizè epi lage tout moun nan bèl anbyans
Kanal pou konnen sa k pral tonbe nan vant aprè depans
Kanal pou kwape sou wout devlopman tout kalte ijans

Kanal pou montre leta kòman otorite pran desizyon devan dilijans
Kanal solidarite gout pa gout pou divòse avèk favè ti pitans
Kanal vrè mounite ki pouse nou gen plis konfyans
Kanal yon popilasyon ki konn sa l vle e ki konn fè defans

Ban nou kanal nan tout komin
Pou fè revolisyon agrikilti n
Kote k gen dlo, gen vi
Byenvini lavi!
Vin fè lespwa souri pou mizè ka bout
Dekwa, pou kanal lespri fyète ak pwogrè va briye pou nou tout

Bonel Oxiné

Koleksyon «Kout kanno, Kout rèl», Kran Wanament ou Kado Endepandans
Avril 2024

*

 Viré monté