Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Selebre jou m fèt

Dima Lafontan

Janvier 2024

M ap poze tèt mwen kesyon,
Ki sa ki gen nan lavi,
Pou admire, 
si se pa ou?

M si pensonn paka di,
Se pa vre.
Sepandan, sosyete a mete limit,
Pa fè sa.
Li bay baboukèt,
Pa di sa.
Li bay presyon,
Ou pral nan lanfè.

Ui, m dakó.
Jan moun viv enpòtan.
Ou pa dwe fè nenpòt bagay.
Pa vann nanm ou pou lajan.

Adore w pa oun peche.
E menmsi m mouri pou sa!
Se lavi.
M bay fanm mwen vle,
Lavi m.
Ki moun ki ka oze di,
Mouri pou ou fè mal?

Sa sèlman m mande.
Selebre jou m fèt.

Tanpri souple,
Sispann komemore lanmò,
Sispann simayen konesans simityè.
Tèt mò paka pale.
Li bèbè,
Tankou kabrit.

Tande vwa m,
Li ekri nan liv,
Li pibliye nan entènèt, 
Li poste sou Potomitan,
Nan paj mwen.

M pa yon enfliyansè.
M pa yon milyonè.
M se yon etwal,
Pami tout lòt,
Moun sèlman wè aswé.

An verite, menm jan w ap gade solèy,
W ap imajine sa k ap pase la ba.
Se menm jan zòt ap gade latè,
L ap vizyalize sa k ap pase bò isit.

Ant bò isit ak la ba.
Lespri se sèl pon,
Pou ou kite isit,
Ale odela,
La ba.

Lè ou rive.
Apre ou fin gade.
Pa kanpe, kontinye.
Ale rakonte lavi, ak pèsonaj ak karaktè ak fè, yo ap viv, san kòmansman, san fen.

Doumafis, 2024

*

Viré monté