Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Nwèl 2023 é joudlan

Poèmes

Psychotria urbaniana

Psychotria urbaniana (Grenn blé, Ipéka bata). Photo Francesca Palli

 

Si jwif selebre Hanukkah
Afriken Ameriken Kwanza,
Vodouyizan selebre Makaya
ki se yon epòk pirifikasyon
yo pran yon ben simbi Makaya,
yon ben fèy yo rele ben chans
ak lapriyè, chante ak dans...

Tradisyon sa soti Benen ak Nago
pou pirifye tout bagay ki sal...

Makaya se te yon eklav bosal
patizan Makandal ki te soti Konko
ki te montrel pwazon ak remèd fèy
pou gueri maladi. Nwèl se tradisyon
ki gen relasyon ak nesans solèy,
pou kretyen se fèt nesans Jezi.

Chak kote gen diferan fason
yo selebre, Boudis se Bodhi.

Se epòk tout tafiatè antouka
kap bwè tafia, ròm, kleren ak vodka.

*

Soup joumou... Nouvèl ane...

Soup joumou

Pou w ka fè yon bon soup joumou,
fòk ou fè li avèk lanmou...

Joumou a se li ki pi enpòtan
ak viann lan, sinon wap pèdi tan....

Chak zòn gen jan yo prepare l
chak fanmi gen yon jan yo jere l...

Depi lan gran vil jis lan ti bouk
chak kay fè yon bonm. Se yon tradisyon
se lè sa zansèt nou te kreye yon nasyon
pou nou te ka viv lib san oken mèt
ki te konn trete nou pi mal pase bèt...

Menm lan diaspora nou pa janm bliye
soup joumou se yon potomitan pou salie
nouvèl ane kap kòmanse ak yon piman bouk...

*

La soupe joumou est tradition
le symbole de notre nation.

Chaque famille a pour devoir
de la cuire suivant son savoir
le premier jour de l'année
quand notre nation fut née,
le jour de l'indépendance.

Ainsi on la sert en abondance
alors que le gout est différent,
dans chaque foyer si succulent
que l'on marche de porte en porte
pour en boire jusqu'à la fin
du jour sans jamais! apaiser la faim
malgré toutes ses escortes...

Guy Cayemite

 

filao-étoile  étoile   filao-étoile

Sur Potomitan et ailleurs

Nwèl 2023

 

 

Photo du fond: Clitoria ternatea