Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Kanal konsyans

Bonel OXINÉ


Photo: Bonel Oxiné

Yon kanal pongongon
Kanal bay ekonomi dyare

Yon kanal ki pral montre yon pèp
Kreye pou rale touris
Plante pou rantre lajan
Envesti pou monnen nasyonal
Sispann fè bèk atè

Avan 7 Fevriye
Sa pa te pi bon non
Anba diktati
Men monnen n te pot talon

Yon kanal ki mande
Voye jete tout konplèks
Ki anpeche nou pwogrese
Devlope
 
Agwonòm pè travay latè
Pou men pa sal
Enjenyè gonfle nan kapital
Se la krab la gra
Si mwa ONG
Nèg tounen bacha
Pandan twou kanal mizè
Ap fouye pi fon plis toujou
Chak jou

Kanal ensekirite bwè gaz
Ap vale teren
Ap voye resous anba tè

Ayiti bezwen kanal
S’ atò nou pral bezwen kanal
Pou antere pito
Grangou nan vant
Gè gwo trip ti trip
Aktivite vant malere
San devan ni dèyè

Li te lè
Li te tan

Ak bonjan kanal konsyans
Nou p ap nan pran chans

Koleksyon powèm «Kout kanno, kout rèl».
20.09.2023

*

 Viré monté