Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Don D. William

Poète haïtien

 Don D. William

Biyografi

Mwen se Don D. William, yon manm aktif Sosyete Koukouy ak NAAHP (National Alliance for the Advancement of Haitian Professionals). Mwen se moun Pòtoprens, mwen fè etid mwen jiska klass Reto an Ayiti. Nan lane 1997, mwen te kite peyi m pou m kontinye edikasyon m Ozetazini kote rès fanmi m t ap viv. Malgre m abite lòtbò dlo (New Jersey) depi kèk tan, mwen pa janm dekonekte ak lang natifnatal mwen paske nan fon kè m, mwen rezève yon plas espesyal pou lang Kreyol la. Mwen toujou panse se yon lang ki gen anpil merit, yon lang ki dwe eksplwate epi valorize. Kòm pwovèb la di: Kreyòl pale, kreyòl konprann, donk pa gen pi bon fason pou mwen eksprime m ak frè m ak sè m yo ke nan lang manman m. Depi laj 12 zan, mwen te gen yon okennchenn pasyon pou ekriti, pasyon sa te ogmante pi plis toujou lè m te fè konesans Coriolan Ardouin ak Oswald Durand nan Literati Ayisyèn nan. Depi, je m te louvri byen gran pou ekriti men mank ankadreman te lakòz enspirasyon m fè lontan ap dòmi anba dra parès, m te menm panse l te fin toufe epi se konsa tankou yon gwondman li pran wout sòti pou li.

Pandan m Etazini mwen tèmine klas segondè m, mwen dekwoche yon degre inivèsitè nan Syans Enfòmatik. Mwen pase 12 lane ap travay nan domèn Enfòmatik. Metye sa pèmèt mwen satisfè tout bezwen ki nesesè, poutan li pa fè kè m kontan plis pase metye ekri ke se swa nan lang kreyòl oswa lòt lang. Se sa ki fè jounen jodi ak 35 rekòt kafe sou tèt mwen, djakout mwen ranpli enspirasyon, mwen ekri lannwit kou lajounnen anpil istwa ak pwezi. Ekri byen senp an kreyòl, pou mwen se yon pastan, yon rale mennen vini, yon pasyon, yon mwayen pou m eksprime kreyativite m, pou lespri m vwayaje kote m pa fouti ale, pou mesaj la pase, pou m touche kè epi sansibilize tout lektè paske ekri m yo senp yon fason pou tout nivo ka konprann. Se yon mwayen tou pou m ede kenbe lang Kreyòl la vivan.

Piblikasyon

Men premye roman Don D. William nan «Twòp lespri, sòt pa lwen», se yon roman ki vrèman enteresan, li panche sou lanmou, kè sere, reyalite lavi, konsekans move desizyon, lit n ap mennen chak jou, lafwa, e menm bagay nou paka pale. Ou annik louvri roman an, santiman otè a kòmanse trase chimen l nan lespri ou, sa kenbe atansyon ou, fè w pa fouti depoze liv la. Depilò a, ou kòmanse jwi ak rekòt bèl mèvèy k ap fleri nan chak chapit. Mo ki konpoze roman sa sòti nan fon kè otè a ak nanm li. Gen chapit ki pote lajwa ak anpil leson, gen lòt tou ki pote tristès ak suspens men tout enteresan. Roman sa se istwa pa ou, se istwa tout Aysyen.

Roman ap disponib a pati mwa Fevriye 2016

Powèm

Fanm sa

Love you Boo

Pasyante tande

boule

 Viré monté