Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Deklarasyon solanèl JanJak Desalin,
nan okazyon pwoklamasyon endepandans
peyi Ayiti, jou 1 ye janvye 1804

Manno EJÈN

Jean-Jacques Dessalines
Jean-Jacques Dessalines par Raymonde Talleyrand. Source: Nader Haitian Art

Mwen pwofite avèti lektè yo, prezantasyon Deklarasyon solanèl JanJak Desalin nan, an lanng ayisyen an, se pa yon tradiksyon li ye, men yon entèpretasyon adapte, selon konpreyansyon mwen genyen de istwa tèks la yon bò, de sa li degaje kòm vizyon yon lòt bò, ak nesesite pou rann li pi aksesib, pou pi plis ayisyen kapab konnen li, epi konprann ki anbisyon JanJak Desalin te genyen pou nasyon an. Epi tou, pou penmèt tèks la rejwenn fòs premye lanng li te di pou premye fwa a. Kòm listwa rapòte li, se nan lanng tout ayisyen pale a, Anperè a te kominike ak nasyon an, epi yo retransmèt li an franse ekri. Nan sans sa a, travay mwen an se yon opinyon kritik ki fèt apati tèks franse a. Se sa mwen rele oraliterasyon an1. Apre m ape pataje ak lektè yo, yon opinyon kritik ni sou fon tèks la, ni sou atitid sosyete ayisyen genyen sou li. Pou fini, m ape vini ak kèk keksyonnman enteresan, mwen panse ki kapab ankouraje plis deba sou devni peyi, ansanm nou genyen kòm eritaj la. Annatandan, mwen pwofite remèsye kontribisyon tout zanmi, kanmarad, kòlèg ki te ede mwen nan trvay sa a,

Pou Henry Durandisse, pitit gason mwen, epi zanmi mwen Gary  S. Danièl Nèg Gonnbolyen.

Fondatè nouvèl endepandans Ayiti a, JanJak Desalin mouri asasinen nan PonWouj 17 oktòb 1806, dezan apre pwoklamasyon li, devan lemonn antye, kòm premye repiblik nwa lib, epi kòm dezyèm eta sou kontinan ameriken an. Apre kò asasinay la, konplotè yo fè dekoupe kadav kò li, epapiye moso yo nan divès katye nan kapital la, Pòtoprens, epi pati ak tèt la kòm twofe pou satisfè basès kriminèl yo (Yvon Charles, Éditeur, Le Patriote, 2021).

Anvan, laplipa konplotè yo ki te swaf pouvwa ak richès, te fè kouri tout kalite rimè s pou yo te dyabolize ou Anperè a, detui pèsonalite li, epi kreye konfizyon sou idantite pèsonaj la… Pandan anviwon karantan, pèsonn moun pa te genyen dwa site non li. Ni foto li, ni koulè po li, ni dat li fèt rete enkoni. Kòmkidire yon volonte pou yo te efase tras li nan listwa. Yon istwa majiskil pwent bayonèt li ekri ak pwòp san li. Pami prensipal responsab sa yo, nou jwenn: Aleksann Petyon, JanPyè Bwaye, Andre Rigo, Brino Blanchè… Men tou, yon Anri Kristòf ki pa te prezan dirèkteman limenm, men ki te bay dizon li, nan lespwa se li ki ava ranplase Desalin (Histoire d’Haïti la nôtre, Guerdy J. Préval, 2022).

Apa kèk lèz deklarasyon li fè, yo site pasi pala konsa alavole, pou plis fè Anperè a pase pou yon revolisyonè kriminèl, sanginè, Deklarasyon solanèl sila a, ki te pote yon diskou liberatè bay nasyon an, nan okazyon joudlan 1804 la, rete prèske enkoni, oubyen pase sou silans. Yon diskou leta ayisyen pa fè oken jefò pou ede popilasyon ayisyen an ni konprann, ni anbrase tout larèl lide pwojè liberatè li charye ladan. Ni lekòl, ni sosyete a pa ba li tout enpòtans li merite.

Deklarasyon solanèl JanJak Desalin, Jeneral anchèf Lame endijèn nan, pou pèp Ayisyen an,
nan okazyon Deklarasyon ofisyèl Endepandans peyi Ayiti, jou ki te 1 ye janvye 1804.

Libète ou lanmò !

Sitwayen !

Pouse do pèp sanginè ki pa sispann fè lavalas san koule depi prèske de syèk la pa anyen. Rive mete kanpo nan move ajisman pòsyon moun ki toujou itilize pwomès libète Lafrans la pou fè nou filalanng lan, pa anyen. Nou dwe poze yon dènye jès, yon aksyon nasyonal djanm ki pou tanpe ekzistans nou nan peyi manman tè libète a. Fòk nou mete fen nan sistèm san mounite sila a, depi twò lontan, ki pa sispann fè nou viv nan laperz, trete nou pi mal pase zannimo, epi ki kontinye kwè li kapab retounen mete nou nan lesklavaj ankò. Se swa janmè ! Swa nou viv endepandan, oswa nou mouri an moun lib.

Endepandans oubyen lanmò... Se pou pawòl sakre sila a marande nou. Li dwe sèvi kòm yon siyal batay ki pou simante nou youn ak lòt pi plis toujou.

Sitwayen !

Konpatriyòt an mwen yo, se pa pou san rezon non mwen reyini tout sòlda vanyan sa yo devan nou la jodi sila a. Ayè la a, lè libète t ape rakle nan pasay, se san yo ki te koule pou yo te ba li jèvrin. Tout jeneral sa yo te kanpe djanm pou jefò nou te rive kwape rejim sanginè sila a. Yo pa janmen sispann goumen nan batay pou defann byennsite nou... Men vwala, malgre tout jefò yo, zafè fransè sila a kanpe nan mitan nou, ape kontinye simaye lanmò ak laterè nan peyi an nou.

Gade, se tousa ki viwonnen nou ki pote siyati pèp asasen sila a: lwa nou yo, konpòtman nou, menm non vil nou yo kontinye pote mak fabrik Lafrans toujou. Se kisa mwen vle nou konprann nan sa? Genyen twòp Fransè toujou sou zile a. Epi nou panse nou lib, kòmkwa nou deja sòti sou lobedyans vye repiblik sila a k ape mache goumen kont tout nasyon li kontre sou chimen li. Men malerezman li pa rive pote pyès viktwa sou okenn pèp ki sèmante viv lib.

Enben, kisa li ye? Pandan katòzan, se toujou noumenm ki kontinye ape viktim. Tolerans pasyans nou toujou vire kont nou. Menmsi nou pa janmen batba devan lame fransè a, men bèl diskou reprezantan li yo toujou chame nou. Se ki lè n ava sispann respire nan souf moun sa yo? Nou pa kapab konpare mechanste a yo ak pasyans an nou; koulè po a yo ake pa an nou pa menm; distans lanmè ki separe yo ake nou, epi van y ape respire pa menm ake nou. Tout sa sifi pou n di, moun sa yo pa frè an nou, ni nonplis yo pape janmen rive frè nou yon jou. Anplis, menmsi ta genyen nan yo ki ta jwenn azil nan mitan nou, y ape toujou yon chimen bouton ki bay malenng; yon bann moun k ape simen zizani nan mitan an nou.

Noumenm sitwayen natif natal, fanm tankou gason, granmoun tankou timoun, se pou kale je an nou, veye anwo, veye anba. Nou dwe chache tèt an nou dabò, madanm an nou, mari an nou, frè an nou, sè an nou. Se kilès mwen pa site? Chache yo, pitit an nou, menm timoun ki nan manmèl ! Se kisa nou wè yo tounen? Repons lan kapab fè san mwen fremi… Se vyann yo ye, manje pou zwazo rapas.

Nan plas tout viktim sila yo, se kilès ki bay plis repiyans dapre nou? Eske nou pa wè se toujou menm bann asasen sa yo ki anba zye an nou, bann bèt sovaj ak san viktim yo nan kwòk dan yo tou fre k ape degoute. Nan yon pwen ki bay endiyasyon, devan tribilasyon y ape sipòte, epi ki ape mande nou vanjans. Se kisa menm nou ape tann pou nou bay nanm tout viktim sila yo lapè yo merite? Fòk nou pa bliye, lè n ava fini kouri chalbari nèt dèyè reny malouk sila a, nou swete pou nou wè kadavkò nou repoze menm kote ak zansèt yo. Men eske nou panse n ape kapab antre an pè nan menm tonm ak yo, san nou pa vanje yo anvan ? Non, zo kadav yo ta prefere pouse do an nou deyò tankou chen.

E noumenm gason vanyan, brav jeneral an mwen yo, noumenm ki pa janmè fremi devan okenn danje, menm lè lavi an nou menase. Noumenm ki bay libète jèvrin san an nou pou li pa faya. Se ta kòmkidire nou pa te janmen fè anyen ditou, si nou pa bay bann nasyon sa yo leson yo merite. Yon leson vanjans nan jistis yon pèp fyè, alaso k ape vanse pran libète a li, epi ki rete toujou detèmine pou defann li koutkekout. Nan yon pwen ki bay nenpòt ki peyi frikat, si yo ta genyen entansyon retounen pou vini fè dappiyanp sou libète sila a, sitou Fransè yo... Se pou yo genyen latranblad chak fwa yo ta vle pwoche pre kot peyi sila a. Oswa se pou souvni mechanste yo fè nou, oubyentou se zak n ava deside poze, pou nou disparèt tout moun ki genyen san fransè koule nan venn yo, epi ki konprann yo genyen dwa pou yo retounen mete zago loray a yo sou bout tè manman libète sila a.

Si nou te kapab azade nou pran libète, an nou penmèt tèt nou lib, lib pou noumenm. An nou pran ekzanp yon timoun k ape grandi, epi ki genyen pwa kò li k ape anpeche li jwenn ekilib pou li mache. Dabò, se ki pèp nou konnen ki te vini goumen pou nou? Se kilès ki kapab rekòlte fui kouraj la nan plas an nou? Se yon avilisman sa ta ye, pou apre tout goumen sa yo, pou nou ta rete esklav. Esklav…! Non, se swa janmè. Kite etikèt sila a pou Fransè yo ki ape mache ranpòte laviktwa sou lòt pèp, men ki pa lib pou tèt pa a yo.

An nou mache sou lòt tras; imite sila yo k ape panse ak lavni, epi ki pa vle kite lachte kòm eritaj pou eritye yo ; ki prefere disparèt tan pou yo pa ta wè non yo enskri nan lis  pèp ki lib.

Tan sèlman, se pou nou pa kite twòp ògèy vini gate fui travay an nou;  kite vwazen ki antoure nou yo viv anpè, dapre pwòp lwa yomenm yo tabli pou jere zafè a yo; se pa pou nou sèvi ak flanbo revolisyon an pou nou fè ti dife boule, nan ale fè lalwa nan peyi Karayib ki anvwazinen nou yo; nan tonbe lwanje tèt an nou, kòmkwa nou kapab ale twouble lapè nan zile ki alantou nou yo. Yo pa genyen menm jan ak nou, tout kantite larivyè san inosan ki koule lakay a yo. Sa ki fè, yo pa bezwen egzèse okenn vanjans sou otorite yo plase pou pwoteksyon a yo.

Byennere yo ye ki pa janmè sibi tout kalamite ki tonbe sou do an nou yo. Yo pa nan okenn obligasyon pou yo nan swete nou larezone. Noumenm nou swete pou vwazen an nou yo kontinye viv anpè ! Men kanta moun ki rele franse yo yomenm, se pou madichon leve pichon sou yo! Rayisman toutan gentan kont Lafrans ! Se sa ki swè pa an nou.

Men noumenm, natifnatal bout tè ki rele Ayiti a, mwen kontan wè se mwenmenm lavi plase kòm santinèl pou veye sou kokenn richès sila a. Nou deja konsanti tout kalite sakrifis pou li. Mwenmenm, mwen fè devwa an mwen, toujou veyatif, pafwa poukont mwen m ape goumen. E jodi a se tout fyète mwen, pou mwen renmèt nou badji a nan men pwòp, san manke yon pwèlyèm. Kounye a se noumenm ki genyen responsablite pou nou konsidere li tankou de grenn je nan tèt an nou.

Batay pou libète a, se tout richès mwen posede. Men anvan pou nou rive tabli lwa ki pou ankadre libète chak  grenn moun an patikilye, jodi a, mwenmenm ansanm ak tout kòmandan ki rasanble devan nou la a, se pou nou temwanye angajman nou pran an san limit.

Noumenm tou jeneral yo, ansanm ak tout lòt chèf yo ki rasanble bò kote mwen la jodi a, konnen se pou byennèt peyi a, nou tout, nou isit la. Jou a rive jodi a. Jou ki prale savalouwe glwa an nou pou letènite, akoz endepandans lan ki blayi sou nou.. Si genyen moun nan mitan nou la a ki pa kwè nan kòz libète peyi a, yo mèt tou soti nan mitan nou, paske yo va tranble devan sèman nou prale fè la a, ki genyen pou simante nou, yonn ak lòt:

Epi, woumenm pèp, k ape andire depi digdantan, ou se temwen angajman nou soti pran la a. Sonje byen, se sou detèminasyon wou, sou kouraj wou mwen te lanse nan batay pou libète te kapab dechouke reny sanginè ak mechanste ki t ape dominen depi deja 14 lane sou wou.

Men sa ou pa dwe janmen bliye, nanpwen anyen mwen posede mwen pa sakrifye, pou mwen te kapab pran defanns ou: fanmi, pitit, richès. Pi gwo richès mwen kounye la a, se libète wou. Se pou non mwen toumante lespri tout pèp ki ta genyen lide tounen, pou vini retabli lesklavaj ankò sou tè sa. Kolon sa yo dwe fremi lè y ape nonmen non mwen, modi menm jou mwen te fèt. E si jamè yon jou, ou ta detounen, oswa ou ta derefize suiv lwa ak regleman lespri zansèt yo konfye mwen, pou mwen sa kontinye pwoteje destine wou kòm nasyon, eben sò tout pèp engra yo ape tonbe sou wou.

Se pa madichon mwen bay. men se yon avètisman pou wou sa kontinye defann san libète ki koule, sou lòd chèf k ape kómande wou. Se pou sa w ape sèmante pou wou rete lib, endepandan, tan pou wou ta retounen esklav kèlkilanswa pèp la. Sèmante pou wou goumen lavidiran kont tout trèt ak tout lennmi endepandans wou. (Discours et proclamations dans l’Histoire d’Haïti, Michel Soukar, 3 C Éditions, 2015).

JanJak Desalin
Jeneral anchèf Lame endijèn nan,
nan Katye jeneral li, nan Gonayiv,

1ye janvye 1804.

Opinyon ak keksyonnman

Kidonk, kòm nou kapab remake, deklarasyon solanèl JanJak Desalin te fè devan popilasyon ayisyen an, penmèt nou dekouvi ki vizyon fondatè, epi premye chèf deta nasyon nasyon ayisyen an te genyen pou peyi a. Kòm pèp ki te anbrase kòz libète devan Desalin ak devan fòs vizib ak envizib k ape veye sou destine peyi a, pèp la ta sipoze kontinye goumen rèdchèch pou defans libète ak pwoteksyon souverènte li. Men tou kanpe an kwa devan menas kolonyalis oksidantal la.

Defans lalibète se yon devwa sakre nan listwa. Endepandans peyi Ayiti se yon sakrifis ki fèt nan san ak san zansèt yo; sou kadav plizyè milyon inosan, san konte lajan anzòp Ayiti te peye Lafrans sou menas (1825); eskandal peyi Lalmay nan zafè Luders la (1897); plis annzòp sou Bank Nasyonal la, pou te vòlè rezèv lò peyi a (1914), ki vini abouti ak okipasyon Etazini an (1915 - 1934) … Ki fè, si nou sonde tout pwofondè Deklarasyon solanèl Anperè a, eske nou pa kapab di Desalin te wè lwen? Sityasyon malouk peyi a ape travèse jounen jodi a, sanble ak sa li te prevwa. Setadi, konsekans trayizon nou, nan bay Sèman Bwakayiman an do ak konkòda Leta ayisyen te siyen ak Vatkan an (1860), pou rive joudlan 1ye janvye 1804, nan meprize Sèman pwoklamasyon endepandans lan nou.

Men vwala, depi lanmò Anperè a, pwojè revolisyonè 1804 la ta sanble djanmen, ape patinen sou plas. Poutchis yo, kèlkilanswa kan yo soti, pa rive livre machandiz la. Kòm kwa, se mizangad papa nasyon an k ape ekzekite tankou yon pichon madichon ki tonbe sou nou. Chak jou ki jou n ape konstate peyi a sou lobedyans etranje. Menm swadizan zanmi Ayiti yo, an Kògwoup, deplwaye pou kontwole yon fwa pou tout souverènte ak endepandans peyi a.

Bon, e si nou ta kesyonnen nou? Se kisa peyi sa ta ye si Anperè a pa te asasinen? Se ki rezilta pwojè revolisyonè Desalin nan ta pote, si nou te ekzekite rekòmandasyion li yo? Si popilasyon ayisyen an te rete fidèl, lwayal ak pwòp tèt li, ki kote Ayiti ak tout pèp ayisyen t ava ye sou wout pwogrè ak devlopman? Epi, sitou, jodi jou se kisa nou kapab fè, epi kouman, pou nou rachte peche nou?

Manno Ejèn
Powèt, ekriven, eseyis
Manm Sosyete koukouy
Prezidan fondatè
Regroupman ekriven kreyòl (REK)

Nòt

  1. Oraliterasyon: Mo valiz mwen envante apati de mo, oraliti ak literati, pou esplike transfòmasyon yon tèks oral an ekriti literè, oswa yon tèks literè ki sibi enfliyans yon langaj pale.

*

 Viré monté