Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Séisme à Haïti - 12 janvier 2010
Treize ans après - 12 janvier 2023

Etranje

Mikelita Jean

Pascale Monnin, Port-au-Prince, Untitled; © Collection Galerie Monnin.

Etranje
tè a byen fò te tranble
jou sa ki te douz janvye
anpil kay te kraze
anpil legliz te efondre
tout kwa kalvè te toujou rete kanpe
tout pyebwa ak rasin te rete
nan tè byen plante
tout bèt t ap mache
tout zwazo te kontinye ap vole.

tout moun te pran tranble
tout moun pa t ka kanpe
men pi gwo pèt nou te anrejistre
se kantite moun pa bann, pa pakèt, nou pa ka konte, ki te ale
se kantite moun, fanm ak gason, jèn, timoun, granmoun
tankou grenn lapli ki te tonbe.

gade jan nou fragil!
gade jan nou pa itil!
gade jan nou pa anyen!
gade jan nou pa vo anyen!
gade jan nou degrennen!
gade jan nou kimen!

gade jan nou anpile,
gade jan nou mele,
gade jan nou antere,
gade jan nou pase,
nan yon kondisyon nou pat janm imajine.
gade! gade! gade! jan tout bon vre nou ye!.

nou se alimèt,
nou se bwapin,
nou se zèklè,
nou se lafimen.

se vre, wi se vre
sou ti bout tè sa nou pa vin pou n rete
se vre, wi se vre
sou ti bout tè sa ke Bondye pandan 6 jou
san dòmi nan je kreye
se pase n ap pase
paske nou tout se etranje.

* * *

12 janvye 2010 - 12 janvye 2023, sa fè 13 lane
depi gwo tranbleman tè a 13 lane apre 12 janvye 2010 la,
pwoblèm kay ak pwoblèm manje vin pi konplike pou mas yo nan peyi d Ayiti,
dapre Frakka 11 janvye 2023

Source AlterPresse

Jounen jodi a, akote tranbleman tè, k ap mete mas pèp la nan lari, gen gang ak zam k ap pouse do mas yo. Nan katye popilè yo, gen plis pase 30 mil moun ki kouri kite lakay yo anba latèrè gang ak zam yo

Sa ki fè, ni pwoblèm kay, ni pwoblèm manje vin pi konplike pou mas yo Jounen jodi a

Pozisyon Fòs refleksyon ak aksyon sou koze kay ak alimantasyon (Frakka)

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 10 janvye 2023

Nòt pou laprès nan okazyon 13 lane tranbleman tè 12 janvye 2010 la

12 janvye 2010, 12 janvye 2013 fè egzakteman 13 lane depi yon gwo tranbleman tè te frape Ayiti jouk nan zo.

Dega, tranbleman tè sa a te trennen dèyè l, te lakòz plis pase 250 mil moun mouri epi anviwon yon milyon 500 mil moun te lage de bra balanse, san kay pou yo rete.

Apre kokenn chenn katastwòf sa a, anpil konpatriyòt, anndan kou deyò peyi a, te mobilize pou fè solidarite ak moun ki viktim yo. Peyizan yo te blije menm mete semans pou plante nan chodyè, pou resevwa viktim ki debake lakay yo. Se te yon gwo mouvman solidarite.

Apre tranbleman tè a, anpil sous lajan entènasyonal te mobilize pou gade kouman ede rekonstwi Ayiti. Konsa, yo te pwomèt plis pase 11 milya dola pou rekonstwi peyi a.

Pou sa, entènasyonal la ak dirijan Ayisyen yo te mete kanpe Komisyon pwovizwa pou rekonstwi Ayiti, ki te gen ti non franse Cirh1.

Se komisyon sa a, ki te gen nan tèt li Bill Clinton ak Jean Max Bellerive ak divès lòt aktè, ki te gen responsablite pou jere fon yo. Men, an reyalite, se nan radyo ak nan televizyon nou te tande pale de koze rekonstriksyon sa a. Bill Clinton, Jean Max Bellerive ak akolit yo te mete ak divès enstitisyon lokal ak entènasyonal pou gagote fon, ki te rive debloke nan 11 milya pwomès ki te fèt yo.

Se ak dife epi represyon, pouvwa Tèt kale a te deplase pi fò moun, ki te nan kan yo apre tranbleman tè a. Apre sa, kèk grenn moun te jwenn 20 mil goud pou swadizan al chache lòt kay. Jouk nan moman n ap pale la a, plizyè santèn viktim 12 janvye 2010 la toujou ap viv anba tant.

13 lane apre, pwoblèm lojman an, ki te deja grav, vin pi grav.

Moun nan mas yo, menm moun nan ti boujwazi a pa ka ni achte, ni anfèmen kay pou yo rete. Pwopriyetè kay yo fikse pri yo an dola. Menm Leta ap anfèmen kay an dola, pou mete yon seri enstitisyon. Pafwa, se dirijan yo yomenm, ki lwe Leta kay yo fè, ak lajan leta. Apre gagòt lajan Cirh la, Bill Clinton ak Kò Gwoup la mete yon bandi legal nan tèt Leta a pou kontinye piyaj la.

Se konsa yo pral dechèpiye lajan PetwoKaribe a. Bandi legal yo ak akolit yo nan entènasyonal la tabli gang nan tout peyi a pou anpeche mobilizasyon popilè yo, pou kontinye kenbe pouvwa a epi anpeche tout pwosè kont lajan Cirh la ak lajan PetwoKaribe a.

Jounen jodi a, akote tranbleman tè, k ap mete mas pèp la nan lari, gen gang ak zam k ap pouse do mas yo. Nan katye popilè yo, gen plis pase 30 mil moun ki kouri kite lakay yo anba latèrè gang ak zam yo. Sa ki fè, ni pwoblèm kay, ni pwoblèm manje vin pi konplike pou mas yo.

Douvan sitiyasyon malouk sa a, Fòs refleksyon ak aksyon sou Koze Kay ak alimantasyon (Frakka) mande:

  1. Pou mas yo kontinye leve kanpe kont dirijan manfouben yo, piyajè ki nan tèt Leta a ak tout Kò Gwoup la, k ap kore piyajè yo;
     
  2. Pou Leta pran bon jan mezi, pou pèmèt moun k ap dòmi nan lari yo jwenn kay pou yo rete;
     
  3. Pou Leta mete plis kontwòl sou pri lavant ak fèm kay yo nan peyi a;
     
  4. Pou Leta met limit nan maj benefis, boujwa yo ap fè sou machandiz yo, sitou sou pwodui lamanjay yo;
     
  5. Pou Leta sezi kay tout piyajè ak moun ki anba sanksyon yo, epi mete byen yo ak kay yo nan sèvis viktim yo.

Pou Frakka,
Daniel Tina
Jimmy Michel
Rosemond Joseph

* * *

L'Hôpital universitaire de Mirebalais, l'Hôpital
de l'Université d'Etat d'Haïti et le séisme du 12 janvier 2010

Claudy Junior Pierre

Publié le 2023-01-11 | lenouvelliste.com

Inauguré le 6 novembre 2012, l'hôpital universitaire de Mirebalais (HUM) a été la première grande infrastructure sanitaire post-séisme après la tragédie de 2010. Une promesse tenue dans le temps, un centre hospitalier qui ne cesse de répondre aux attentes depuis 11 ans, a contrario de l'hôpital de l'Université d'Etat d'Haïti (hôpital général) miné par des crises récurrentes et une reconstruction qui dure depuis une éternité.

Au lendemain du tremblement de terre de janvier 2010, les principales infrastructures de l'aire métropolitaine étaient à ras de terre. La population en proie à de multiples problèmes sanitaires ne savaient à quel saint se vouer tant les principaux hôpitaux étaient débordés quand ils n'étaient pas détruits par les secousses sismiques.

L'organisation "Zanmi Lasante" qui prévoyait de construire "un petit hôpital communautaire à 60 kilomètres au nord de la capitale" allait répondre à une exigence du ministère de la Santé publique et de la Population demandant à la direction d'élargir son plan de construction afin de répondre à la défaillance des infrastructures sanitaires de l'aire métropolitaine.

"L'hôpital comblera aussi un énorme vide, au niveau local et national, pour les personnes qui avaient auparavant un accès limité à des soins de santé de qualité, ainsi qu'à améliorer l'accès à la formation des médecins, infirmières et professionnels paramédicaux haïtiens", avaient rapporté les Drs Maxi Raymonville (actuel directeur exécutif de Zanmi Lasante) et David Walton sur le site de Partners in Health en octobre 2012.

Deux ans après le tremblement de terre, un énorme établissement de 205 000 pieds carrés et de 300 lits étaient sortis de terre. En plus d'être l'un des plus grands centres hospitaliers du pays, cet hôpital allait montrer la voie dans l'utilisation de l'énergie renouvelable dans les grandes infrastructures. Un modèle qui devrait être répliqué dans le grand projet de reconstruction national d'alors. "Cet hôpital [...] nous permet  de montrer ce que nous sommes capable de faire avec l'énergie renouvelable, avec les nouvelles technologies [...] nous avons près de 1 800 panneaux solaire qui vont fournir en électricité la totalité de l'hôpital [...] ce n'est pas seulement un hôpital mais, une nouvelle façon de concevoir", avait déclaré le président Michel Martelly lors de la cérémonie d'inauguration.

Ce 6 novembre 2012, feu Dr Paul Farmer et le Dr Jim Yong Kim, co-fondateur de PIH, présent à cette inauguration à titre de président de la Banque mondiale, ainsi que toute l'équipe de Zanmi Lasante, ont réalisé le rêve d'une vie. Dans une note publiée sur le site de PIH, le Dr Paul Farmer avait souligné que "cet hôpital est l'aboutissement d'un rêve qui remonte à un quart de siècle, et souligne notre engagement envers le pays et le peuple d'Haïti, qui est plus fort que jamais après le tremblement de terre."

Des promesses que d'aucuns qualifiaient d'"ambitieuses" à l'époque ont été formulées également. "L’Hôpital universitaire de Mirebalais disposera de 300 lits, 30 salles de consultation ambulatoire et de 6 salles d'opérations. L’institution sera en mesure de recevoir 500 patients par jour et fournira des services de soins de santé primaires à environ 185 000 personnes vivant à Mirebalais et dans deux communautés voisines.

L’HUM, d’après Zanmi Lasante, offrira des soins relatifs au VIH / sida, à la tuberculose, aux maladies non transmissibles. Des soins prénatals, des soins primaires de base, les services dentaires seront également fournis. Ce centre hospitalier offrira également des services de niveau secondaire, comme la santé mentale, la médecine d'urgence, la chirurgie générale et orthopédique. L’institution mettra à la disposition de la communauté des services liés à la santé des femmes, notamment la planification familiale, la santé génésique et les soins obstétricaux d'urgence complets.

Les responsables du nouveau centre hospitalier promettaient de mettre un accent particulier sur la formation médicale et l'éducation afin que l’institution puisse jouer son rôle d’hôpital universitaire. Partners In Health / Zanmi Lasante offrira des résidences en médecine à l'HUM dans plusieurs domaines, notamment la médecine interne, l'obstétrique, la gynécologie et la chirurgie ", indiquaient-ils. 

En plus, l'HUM servira de site pour les stages cliniques au bénéfice des écoles nationales d'infirmières et d'infirmiers; dispensera une formation avancée dans les spécialisations, y compris les soins d'urgence, les soins intensifs néonatals et la chirurgie", avait dénombré Jean Pharès Jérôme dans un article publié par Le Nouvelliste en novembre 2012.

13 ans après le séisme, 11 ans après son inauguration, l'hôpital universitaire de Mirebalais tient toutes ses promesses, collectionne les distinctions et va au-delà des espérances malgré la mort du Dr Paul Farmer, co-fondateur de Partners In Health.
 
Ce 19 janvier 2023, la faculté de médecine de l'Université Harvard prévoit de consacrer une journée d'hommage au Dr Paul Farmer. "Une réception, un panel, des séances questions-réponses et la projection du film " Bending the Arc" sont prévus pour marquer cette journée.

La directrice de Partners In Health, le Dr Joia S. Mukherjee répondra aux questions de l'assistance sur la vie et les réalisations du Dr Paul Farmer.

En attendant, les responsables de cette cérémonie rassure que toutes les œuvres du Dr Paul Farmer à travers l'organisation PIH dont l'hôpital de l'université de Mirebalais se portent bien. "Le Dr Paul Farmer à travers PIH avait préparé la survie de cette organisation et ses différentes réalisations au-delà de sa personne. Les hôpitaux dont l'Hôpital Universitaire de Mirebalais continuent de fonctionner normalement suivant la politique de l'organisation qui consiste à donner des soins de qualité à tout le monde. Des programmes de formation ont été ajoutés à l'HUM en vue de mieux articuler le travail de Zanmi Lasante par rapport aux besoins de la population. A nos jours, l'HUM a déjà reçu plus d'un million de visites de patients en provenance de tous les départements d'Haïti depuis son inauguration", confient la direction de PIH dans une courte communication.

Image à la fois sombre et contrastant dans le chapitre de la reconstruction des infrastructures sanitaires post-séisme, l'hôpital général reste dans les starting-blocks et n'arrive pas à sortir la tête de l'eau.

Environ 17 millions de dollars ont été investis dans la construction de l'hôpital universitaire de Mirebalais inauguré 2 ans après le séisme de 2010. Débuté en mai 2014, le chantier de l'HUEH qui devait être remis en juin 2018 a déjà mobilisé 83, 2 millions de dollars. Il est cofinancé par l'Agence américaine de développement et l'Agence française de développement qui chacune avait donné 25 millions de dollars américains. L’État haïtien a ajouté 33,2 millions pour compléter le budget.

Les retards accumulés dans le décaissement du fonds de l'État haïtien expliquent la lenteur constatée, avait fait savoir Reynold Pauyo, ancien directeur de l’Unité technique d’exécution (UTE).

En fin d'année 2022, l'agence française de développement avait expliqué qu'il y a un décalage entre le coût prévu pour la reconstruction en 2014 et le coût des matériaux en 2022. Fort de cette considération, Le mercredi 7 décembre 2022, l’Agence française de développement (AFD), l’US Agency for International Development (USAID), le ministère de l’Économie et des Finances (MEF) et le ministère de la Santé publique et de la Population (MSPP) ont signé une convention de financement supplémentaire d’un montant de 10 millions de dollars US pour la reconstruction de l’hôpital de l’Université d’État d’Haïti (HUEH).

Dans une entrevue accordée au quotidien Le Nouvelliste, le président de la commission de gouvernance de l'Hôpital de l'Université d'État d'Haïti, le Dr Hans Larsen, avait expliqué qu'ils sont en attente d'un expert en gestion hospitalière pour initier les réformes qui s'imposent et préparer la transition vers le nouveau bâtiment.

L'Hôpital universitaire de Mirebalais et l'hôpital de l'Université d'État d'Haïti, deux structures dans la grande vague des promesses post-séisme et deux destins différents. L'une confiée à Partners In Health et Zanmi Lasante, inaugurée deux ans après le séisme qui continue de fonctionner, sans interruption, à plein régime, et l'autre que la commémoration de cet événement tragique vient trouver en pleine grève et sans certitude aucune quant à l'inauguration de son nouveau bâtiment.

 

* * *

Commémoration 2023

Commémoration 2022

Commémoration 2021

Commémoration 2020

Commémoration 2019

Commémoration 2018

Commémoration 2017

Commémoration 2016

Commémoration 2015

Commémoration 2014

Commémoration 2013

Commémoration 2012

Sommaire des pages commémoration 2011

Poèmes:

Articles et autres:

Sur le web:

* * *

Séisme sommaire

*

Viré monté