Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Tanmtanm

Dumafis Lafontan

Cascade

Cascade quelque part dans la Caraïbe. Photo Francesca Palli.

Mwen tankou van ki ale, dèyè mòn, kote li pi renmen. La, mwen respire, nan twou nen pye bwa mizisyen (Jacques Stephen Alexis), lespri 1803. Lavi, sa nou rele viv ansanm, parèt, tankou konesans. Pou sa fét, kolon yo te oblije disparèt. Paske kolon dwèt long grotèsk sa yo, tankou dinozò, t ap touye youn lòt, epi detwi lavi lòt espès yo tout lajounen.

Jodi a, se eta gwo pisans yo, ki ap fè lagè san fen. Tankou dinozò yo, anvan kòmansman lavi a, tan jigantèsk sila fini. Moun ki te nan forè tande brigan sa yo tonbe. Si se pat sa, pèsonn pa t ap konnen zansèt yo te bat bouda yo. Nenpòt nan nou kapab al gade trouwon sanfon, dechoukay gwo pisans sa yo, kite. Sèk la boukle.

Mwen tankou van ki jwe vaksin, pou fè lawouze danse banda, jiskaske solèy la klere, devan Aysiyen. Ak chante kokoriko ki akonpaye banbou, jounen an replan plas li, moun reveye nan dòmi. Depi tan lontan jiska byen bonè, de lonbraj a ekla, limyè, pafwa gran, pafwa piti, gide sik lavi a, ki vire sou tèt li, arebò letènite, tankou yon toupi, depi toutan.

Nan tan sa a, genyen yon wonn vire ren, dèyè, kò, on bann modèl pwenti, youn pi toutouni pase lòt, pawòl ak son bay pouvwa, deyò sèk sila, pa gen okenn selebrite, ni dram, ni liks ki peye pa vis moun deprave sa yo.

Nan plas yo, kounye a se mèt ak metrès lawouze (Jacques Roumain), ki metrize dans manman dlo, dandi te entèdi, dechennen ki te deklanche 18 novanm 1803. Parèy solèy, jeneral nou an, Capois, nan Vertieres, Haut-du-Cap, rejyon nò Ayiti, defye lanmò, pou li te mennen twoup sòlda brav nan viktwa final. Dènye triyonf, Lame Endijèn, sou zòd Jeneral an Chèf Jean Jacques Dessalines, mete fen nan soumisyon moun pa moun, jouk jounen jodi a.

Mwen tankou Tamtam ki bat tout kote, epi ki pa bat okenn kote. Kiyès mwen ye?

Ranmase pwen an, akò komen an, mak konvansyonèl la, anons la fen ak kòmansman, ki pèmèt kontinwite pwochen an, ki se diskou Ayisyen, ke anpil lòt otè remanbre, genre reyalis mèveye peyi Ayiti, Jean Claude Martineau, yo rele Koralen, bay tit, Manman Libète.

Mwen se Kè, ki rele chak Ayisyen brav pou rekonkeri Libète. Nou pa dwe tolere trèt pami nou. Sou tè Ayiti se nou ki sèl mèt.

*

 Viré monté