Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Lang kreyòl ayisyen sou New York Times

Hugues Saint-Fort

Se pa premye fwa jounal New York Times pibliye yon atik ki ekri an kreyòl ayisyen. Nan mwa me ki sot pase a (me 2022), New York Times te pibliye vèsyon kreyòl yon atik manch long sou Ayiti ki te fè anpil bri nan kominote ayisyen an ansanm avèk nan laprès entènasyonal. Jodi a, 14 oktòb 2022, nan seksyon «opinion», NYT pibliye vèsyon kreyòl yon atik ann angle ki gen tit sa a: “As a Child in Haiti, I was Taught to Despise My Language and Myself”. Se lengwis ayisyen pwofesè lengwistik nan MIT, Michel DeGraff, ki ekri atik sa a. Vèsyon kreyòl la gen tit sa a: «Ann Ayiti lekòl yo aprann nou rayi lang nou epi rayi tèt nou.»

Pou ki sa piblikasyon sa a enpòtan? Li enpòtan paske se premye fwa yon gwo jounal tankou New York Times pibliye yon tèks ki ekspoze a klè yon pwoblèm grav ki se yon wont pou sosyete ak sistèm edikasyon ayisyen. Vèsyon angle a ap pèmèt tout moun ki ap viv nan Etazini epi ki konnen lang angle enfòme sou mizè lengwistik ki ap boulvèse popilasyon ayisyen an. Vèsyon kreyòl la ap montre lokitè ayisyen kreyolofòb yo ke lang kreyòl ayisyen gen dwa prezante tèt li sou nenpòt fowòm entènasyonal. An nou espere ke kreyolofòb ayisyen yo va tire leson de piblikasyon sa a epi aprann renmen tèt yo.

* * *

Pou moun ki ta renmen li vèsyon angle ak vèsyon kreyòl ke pwofesè DeGraff ekri a, men lyen yo. Pou vèsyon angle a, klike sou lyen sa a.

Pou vèsyon kreyòl la, klike sou lyen sa a.

*

 Viré monté