Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

My G

Dumafis Lafontan

M wè ou bèl
M wè ou elegan
M wè ou super cute
Epi ou konn gou bouch ou
Dous.

Tankou siwo nan ja
Ki sere lwen
Li pa fasil jwenn
Lanmou
Nan fon kè ou
Milye prefere zanj.

Nanginen
Mwen tale
Mwen wè ou
Mwen retounen
Pote nouvèl
Ann Ayiti,
Gen deyès vre

Doumafis, 2022

*

Viré monté