Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Ribanbèl lanati

Joubert Joseph

M ap gade w
K ap benyen
Nan fant dwèt rivyè a
Ak vizaj syèl la
Nan je w
Sèvolan derespekte timoun
Pou chèche sans bote w
Epi se bò lonbrit ou
M wè solèy la ap kouche
Se nan fant tete w
M wè minit ap konte
Pou jou a fèmen
Lè dlo ap glise desann
Nan cheve w
Li bay yon koulè
Lakansyèl pa konnen
Se sou vizaj ou
M wè silans mwen
Ap pèdi vijinite l
Lè m pa pre w
Se sèl nan yon powèm
Mwen jwenn souf
Lè tout sa m anvi di w
Vle toufe m
Si w wè m ap jemi
Se pa anyen cheri
Se kè m
K ap pran fòm kò w
Depi lè m fenk wè w
Ap benyen
Bouch mwen anmè
Gerizon m chita
Nan yon gout dlo
Ki kaye
Sou pwent tete w.

Joubert Joseph, powèt.
11 jwiyè 2015

boule

 Viré monté