Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Nwèl 2021 é joudlan

Bòn ane – Bon kouraj !
Joudlan nan Peyi Lakay

Jan Mapou
(Sosyete Koukouy Miyami)

Soup joumou. Photo Francesca Palli.

Nwèl ak Joudlan do pou do. Yo sanble kou de gout dlo. Lakay, premye janvye se pa senpman ti joudlan, men li gen yon siyifikasyon marasa. Se premye jou ane a se vre; men tou se jou zansèt nou yo te kanpe nan vil Gonayiv pou deklare omonn antye esklavay kaba nan peyi Ayiti, Ayiti lib-e-endepandan. Ewo nou yo, esklav ak milat ki te kole tèt ansanm pou te goumen, mete blan kolon yo deyò, t ap selebre. Bèl diskou. Bweson t ap koule agranlijyèn. Kidonk, nan kilti pa nou, jou sa a chaje ak yon dyakout evennman istorik.

Apre 3 syèk esklavaj, yon olokòs ki detui plis pase yon milyon moun endyen ak nègk lafrik pou satisfaksyon lapeti blan kolon. Finalman, Premye Janvye 1804, libera lesklavaj te chante nan Gonayiv.

Pou noumenm Ayisyen, Joudlan se moman refleksyon. Se moman rezolisyon. Men tou anplis ak lòt pèp yo, se jou nou swete larezone, mande Granmèt la pou li simaye lajwa nan kè tout kretyen vivan.

Chak peyi gen fason pa li pou selebre Joudlan. Nan gwo peyi kapitalis yo tankou Etazini, Kanada, Lafrans, Langletè, peyi Lachin… Magazen pa gen tan pou fè twalèt tank yo bizi. Anplwaye ap bourike san pran souf. Malgre tan an di, sitiyasyon ekonomik yo malouk, nan pwen tyotyo, madanm toujou ap achte kado pou mari, mennaj ap chache kado pou ti boubout yo. Mesye yo yomenm kon moun fou ap mache monte desann nan magazen, triye kado pou ti zanmi ak fanmi yo. Malgre Nwèl se pou timoun, Joudlan se pou granmoun, anpil timoun jwenn kado ak zetrenn pou premye Janvye.

Nan gwo peyi, yo fè bèl parad, tire peta, pete klorat, dekore syèl la ak fedatifis miltikolò pou chase devenn, movezè  ak teworis malveyan k ap simen laterè… Nan peyi Larisi pa ekzanp Ris yo kave chanpay agogo. A minui tapan pandan 12 kou ap sonnen, Ris yo kase yon boutèy chanpay nan gagann yo, yo pran 12 kou. Yon kou pou chak kout klòch. An Ekwatè ak nan peyi Pewou,  yo fè yon bann mannken ak  ranyon, kòtkabann epi aminui tapan, yo boule yo ratè. Yo fè yo tounen sann pandan y a fè demann. Se siyn pou yo chase satan, òltègèt vye devenn kòde ki anvayi kay yo.

Nan peyi sa yo tou, si yon moun ap fè demach pou l vwayaje; Pa ekzanp, si li pral mande viza pou l rantre nan peyi Etazini, enben moun sa a ki bezwen vwayaje a, pran valiz li, pete yon sèl kous kouri, kon moun ki pèdi lakat, fè wonn kay li plizyè fwa epi tonbe repete: Etazini-Etazini osnon Miyami-Miyami… Ayayay! Se pa fou l fou non, se chans l ap rele wi, chans pou Konsil meriken an apwouve demann li. Sa fè m sonje lakay nan ane 1960 yo, lè yon moun pral pran viza nan konsila meriken, “Bòkò Save“ konn fè senp pou yo, yo fè seremoni beny chans, pike zegwi, limen balenn tètanba osnon yo bay moun ki pral vwayaje a yon sigarèt pou limen 5 minit anvan li rantre  pou l al devan Konsil la. Yo di li, rale 3 nwaj devan pòt-dantre konsila a; epi tenyen sigarèt la. Pou ti wanga sa a, yo konn chaje ant 100 e 200 dola meriken. Ti wanga sa yo pa janm mache. Lajan jete. Men anpil Ayisyen kwè nan yo.

Gen lòt peyi nan monn lan, pou salwe Joudlan an, yo pran yon grap rezen epi aminwi tapan, sou chak kout klòch, yo manje yon grenn rezen.. Gen kay ki dekore ak fui, mayi, diri, kannèl, po flè jòn. Anpil frechè pou atire lapè ak latrankilite.

Nan peyi Wòm, peyi Pap la, 31 desanm aminui Italyen yo apiye sou balistrad balkon kay yo, yo voye jete vye chodyè ki pèdi zòrèy, vye asyèt ak vesèl fele, vye mèb kalbose, vye bonm kwobo, vye gode kòlboso… Gen lòt menm k ap fè lapwòpte, bale devan pòt yo osnon bale lari a.  Italyen yo manje nèt jou sa a. Epi, yo pran desè gato ki fèt ak siwo myèl…houn! bon bagay!

An Frans gen yon fenomèn ki atire atansyon nou. Joudlan se plis yon jou pou timoun. Se tankou Alowin nan peyi Etazini. Yo bay timoun sirèt ak jwèt. Jès sa a rele “étrennes”. Enben se la wi mo “zetrenn” nan soti nan lang kreyòl ayisyen an.

Lakay, ann Ayiti, Premye Janvye, se moman pou timoun al salwe marenn yo, parenn yo, granpè ak grann osnon tonton yo ki ba yo zetrenn.  Yo ba yo ti vè likè ak yon tranch bonbon. Osnon bonbon ak kola. Gen ki ba timoun yo yon ti monnen osnon yon fèy pyas tou nèf… (Alòs, lè sa a pyas te gen valè nan peyi a). Ann Ayiti, Joudlan rive jouk Lèwa ki se 6 janvye, fèt Epifani, fèt 3 wa maj Gaspard, Melchior ak Balthazar ki te pote kado pou ti Jezi. Yo te pote lò, bijou, lansan ak bonjan pafen santi bon. Jou 6 janvye sa a Legliz Katolik ak Episkopal fè gwo selebrasyon. 2 Janvye menm se fèt ewo nou yo. Gason ak fanm vanyan ki te goumen ak kolon yo pou te ban nou endepandans epi kreye nasyon an. Nan peyi pa m Okay Difon, Premye Janvye, apre mès te deum dyak sou dyak, tout moùn pran lari al nan parad Lame Ayiti. Yon ploton lame abiye byen fen, toude blan, gan blan, bòt sire, klere kon miwadèzany ap mache opa tankou sòlda peyi Kore-di-Nò. Yon ekzèsis militè wololoy. Sòlda yo kwaze - dekwaze fizi, frape fizi, woule fizi… Yo tounen majòjon nan fè ekzèsis fizi sou tèt yo… Sou kòmandman yon seri jenn ofisye chèlbè, chemiz ak pantalon byen eskanpe, ofisye sa yo te fènk diplome nan Akademi Militè. Timoun kou granmoun ap mache opa de bò lari a pandan y ap fredonnen mizik nasyonal yo. Yon lòt bò, elèv lekòl yo ap fè parad, ap mache opa sou kadans C’est Nous la jeunesse etudiante…

2 Janvye, moun sou moun sanble sou laplas dam Okay pou yo asiste osnon patisipe nan jwèt kous bisiklèt, kous sak, kous apye. Timoun yo fè woulibè, yon kalite paten, youn chita, yon lòt ap pouse. Gen timoun k ap monte sèvolan, gen k ap teke mab yon bann ti demwazèl abiye ak bèl wòb dantèl, bèl kwafi ap fè tan pou y al  nan bal katye ak ti mennaj yo. Se jou tou pou sèvant yo pran yon ti detant tou. Yo repase cheve yo ak fè cho, santi bon, yo wouze kò yo ak pafen my dream… Ayayay! se bèl anbyans. Pi bèl anbyans lan se masuife sou laplas dam Okay. Masuife, s on gwo poto tou won, byen wo, badijonnen ak suif; sou tèt li yon ti sak lajan ak yon ti drapo ble-e-wouj k ap flote. Blan fransè yo te konn rele l mât de cocagne ki menmjan ak sa noumenm Ayisyen, nou rele an Kreyòl MASUIFE a; s on poto tou won grese ak suif. Sou tèt li, yo mete kado, lajan … Moun k ap grenpe yo ap eseye trape.

Masuife nan peyi Okay se gwo plezi,  moun ap pouse pou yo wè kiyès ki pral grenpe poto a. Pou eseye yo eseye. Men chak fwa yo rive mwatye chemen. yo glise iiiiiiiiiiiiiiiiii, yo tonbe. Yon lòt gwoup eseye, youn ap monte, lòt yo anba ap bay dada. Soutni, rale, pouse,  kenbe…Ayayay timoun kou granmoun ap chofe jouk byen ta nan aswè. Apre anpil kout sann ak sab, youn rive pran ti sache a, epi yiiiiiii li glise desann. Ou panse tout moun ta bat bravo, dekore nèg la ki rive monte masuife a?… O.o. Devine kiyès ki anba a ap tann ni. Lapolis. Yo tou fouke moun sa a, mennen l nan biwo lapolis, pran anprent li, kale tèt li, klase li kòm pi gwo «vòlè» ki genyen nan vil la… Ewi, se konsa yo trete frè nou yo apre yo fin amize tout yon popilasyon. Se pa san rezon pwovèb la di « lavi isiba s on ma-suife»…

Lakay 31 desanm aminui tankou nan anpil lòt peyi, gen Ayisyen ki simen diri ak pitimi nan tout kwen kay yo. Yo limen balenn  pou yo chase movezè. Yo wouze kay la ak bazilik. Yo bale tout kwen pou fè lapwòpte.  Timoun yo, byen penyen, ti rad joudlan yo sou yo y al salwe lafanmi. Bòn yo, gason lakou, rèstavèk, yotout byen fen, byen poudre ak poud detak, santi bon fòk pa plis ak pafen maydrim, y al nan bal osnon nan konsè lame d Ayiti òganize pou polilasyon an sou laplas dam.  Gen fanmi ki fè bal lakay yo. Bal pou jennjan osnon bal monkonpè-makomè. Yo bwè likè, manje bonbon jouk yo gen endijesyon, bwè kola Lako osnon kola Jannini. Se nan ti bal sa yo, yo rankontre ti mennaj…Yo kenbe men, fè ti bo nan fènwa.

Men sa ki pi bon, lè joudlan rive se soup joumou.  Yo sèvi soup nan tout kay yo. Teledyòl  rapòte  lontan-lontan, nan tan lakoloni  pou Joudlan,  kolon yo te konn bwè soup joumou. Enben apre Lame Endijèn kraze lame blan sa yo, fòse yo pran lanmè (nou sonje dènye batay la te fèt nan vil Kap Franse e se Angle yo ki te ranmase  yo sou lanmè al lage yo nan prizon Jamayik). Enben, Premye Janvye 1804, se te tou pa esklav yo pou yo te  kraze yon bon soup joumou  ak vyann bèf, pye bèf byen lage pou remonte yo apre 300 ane nan lesklavaj. Epi, se konsa wi -yo di- tradisyon an rete. Eske se vre? Anpil otè istwaryen bay vèsyon pa yo, men sa ki sèten Premye Janvye, nan peyi nou, nan tout kay se soup joumou ayisyen sèvi. Nou fenk aprann LUNESCO dekretre soup joumou ayisyen rantre nan patrimwàn entènasyonal. SE bèl bagay, N aprann tou Miami Herald klase Kremas Mapou kòm pi bon kremas ayisyen nan ti Ayiti… Se pa dyolè non, depi 2 senmenn se etranje sèlman k ap achte Kremas Mapou… Se gwo koze!

Joudlan nan aswè, lafanmi yo konn fè yon ti diri kole ak pwa wouj byen gra epi yo sèvi desè kremas oubyen like ak bonbon. Se sa k fè  kremas vin yon tradisyon depi epòk sa a rive tout moun ap fè kremas, achte kremas osnon likè.  Kremas tounen yon bwason nasyonal.

2 janvye se Memoryal Day lakay pa nou. Jou pou nou jete ti dlo pou tout ewo nou yo. Jou nou renmèsye zansèt yo pou sakrifis yo te konsanti pou nou. Ofisyèl peyi a al nan te-deum epi depoze bouke flè sou plas endepandans lan. Y al Gonayiv fè bèl diskou remèsiman. Jou sa a fanmiy yo touye kodenn, sèvi diri kole ak pwa ak banann peze. Se 2 janvye ki Thanksgiving pa nou wi, noumenm ayisyen natif-natal. Ozetazini se twazyèm jedi mwa novanm.

Pou nou fini Premye Janvye, se jou pa nou, Ayisyen. Li gen yon siyifikasyon espesyal pou nou. Se pa yon jou kòmsi-kòmsa. Se yon jou pou nou chita reflechi sou kokennchenn revolisyon sa a ki penmèt nou  kanpe, frape lestonmak nou  pou di:  Nou se premye nasyon nèg, lib-e-endepandan nan emisfè a. Se jou nan tout legliz karyonnen pou reveye mò yo ak vivan ki nan dòmi,  simen dlo benit sou nanm zansèt nou yo ki te batay pou ban nou endepandans sila a. Se vre nou fè kont gagòt nou. Nou pèdi prestij nou. Yo rele nou ti mandyan, peyi ki pi pòv. Lanati sakaje byèl nou.  Siklòn devore zantray nou, Politik detripe nou. Zòt swadizan peyi zanmi nou ap betize ak nou, lage nou anba onbrèl dominasyon paske inite, solidarite,  fratènite ki te simante nou an; e ki te penmèt nou te mete tèt ansanm pou nou te fè Premye Janvye 1804-la defalke, fann an miyèt moso. Zòt simen ladivizyon. Zòt ankouraje dirijan yo, ba yo lisans pou yo vole, piye, touye, masakre… Pou yo ka dominen. Men, li poko twò ta. Nou konte sou nouvo jenerasyon an, Lakay tankou nan Dyaspora a ki yon jou va resisite Tousen Louvèti, Janjak Desalin, Aleksann Petyon, Anri Kristòf, Kapwa Lamò, Chalmay Peralt… Tout atibon legba sa yo, potorik gason sa yo, brave danje sa yo ki te bay vi yo pou nou te ka gen yon peyi, yon nasyon; tout gason ak fanm vanyan  sa yo, va enspire nouvo jenerasyon an  pou yon Dezyèm Endepandans. Non, li poko twò ta. Depi gen lavi gen espwa. Ayisyen toupatou, an nou bay lammen pou yon pi bon demen!

Bòn Ane!  Bon Kouraj!

filao-étoile

 

  filao-étoile  étoile   

Sur Potomitan et ailleurs

Nwèl 2021