Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Diskou Rektè Inivèsite Leta a nan okazyon
Fèt Drapo ak Inivèsite 2021

Fritz Deshommes

Drapeau d'Haïti

Ki kote peyi d Ayiti rive  la a menm jounen jodia? Wi peyi d Ayiti. Peyi k te fè 18 me 1803 a? Peyi ki pa t janm nan jwèt ak kolon blan sou kesyon libète, endepandans ak dwa granmoun li? Ki estasyon ki rete ankò sou chimen kalvè pèp sa a?

Dènye aktyalite nan soufrans pèp ayisyen an rele kidnapin. Kidnapin nan pa respekte pèpap. Zotobre, ti machann, lapolis, pè, mè, frè, pastè, mason lòj, oungan, manbo, komèsan, endistriyèl, mekanisyen, etidyan, pwofesè, doktè, enfimyè, avoka, jij, etranje, pa gen yon sektè, pa gen yon kategori moun ki senesòf. Ou konn lè w soti, ou pa konn lè w ap rantre, si w ap rantre. Nan yon ti kadè ou ka pedi tout sa w genyen, tout sa w te pase  lavi w ap konstwi. Si se pa lavi w ou pèdi nètalkole. San konte estrès, lapèrèz, kalkil ki anvayi tout sitwayen, tout kretyen vivan, chak ap tann tou pa l.

Nou ka di nou pap viv.

Sa k pi rèd la, nou pa gen pèsonn ki ka di yon mo pou nou. Pèsonn ki pou pran defans nou. Wi,  fanmi, zanmi, bon pwochen, ap degaje yo kon Mèt Janjak pou chache sove lavi nou, kase tèt yo  pou rasanble mezi lajan yo mande a, menm si se pa lajan moun abitye konte.  Ak anpil doulè, ak anpil lapenn. Men pa gen yon otorite, pa gen yon Leta nou ka konte sou li. Pa gen yonn nan enstans nou chwazi pou veye sou nou yo, yonn nan òganism nou peye pou pwoteje nou yo ki montre bonjan kapasite  pou yo  pran responsablite yo. Yo pa menm ka idantifye kote zam kidnapin yo soti, ki moun ki voye yo, ki moun ki resevwa yo, ki moun ki distribye yo, kote lajan tranzaksyon yo pase. Yo pa menm ka anpeche konpayi telefòn yo vann SIM bay moun yo pa idantifye. Alewè pou yo ta rive swiv lajan kidnapin yo nan labank, nan pò, nan aewopò, nan ladwàn, kay notè, nan tranzaksyon tè, kay, machin, biznis, elatriye.

 Nou lage 2 bra balanse, san rekou, sanzazil. Nou chak  ap tann tou pa nou.

An verite an verite, se pa konsa moun viv, se pa konsa sitwayen viv. Se pa konsa yon peyi fonksyone.

Peyi wi nou di? Ou kwè gen peyi toujou? Si Leta absan, si sitwayen yo pa ka fose Leta fè travay li, si  sitwayen yo reziyen yo pou yo tann sa k ap vini an, nan ki sa n ye la a?

Eske n ap kite yo tchwe nou tout,  grenn pa  grenn? Eske n ap kite peyi a depafini nan men nou, an senèryen, tankou se ta yon fatalite k ap mache sou nou…?

Non! Non anko! Nou pa merite sa! Zansèt nou yo pa merite sa. Pitit nou yo pa merite sa. Li lè, li tan pou n leve kanpe, frape pye n fò, reveye n pou n di :ASE. SA SE TWOP ATO!!!.

Li lè li tan pou n ranmase karaktè n, pou n reprann lavi nou, repran peyi nou, reprann desten nou. Pou n montre nou se bonjan pitit mesye dam ki te fè 18 me 1803 yo.

Li lè li tan pou n leve kanpe kont kidnapin ak ensekirite.

Ki jan pou n fè sa?

Nou pap pote boure je fèmen. Okenn nan nou pa ka genyen  batay sa a pou kont nou. Nou tout menase. Okenn nan nou pa gen enterè pou fenomèn sa a kontinye ap anpwazonen lavi nou. Okenn nan nou, kelkeswa kote n plase nan sosyete a. Okenn nan nou, menm moun ki te inisye l yo, menm moun ki nan tèt li jounen jodia.

Eske se pa yon bon rezon pou nou met ansanm, pou n sove tèt nou, sove pitit nou, sove peyi nou? Jan fenomèn nan ap vale teren sa a, se tout fòs nou pou nou ranmase pou fè yon sèl. Fòs Leta a, fòs sosyete a, fòs pouvwa a tankou fòs opozisyon an, fòs patwon tankou fòs travaye, fòs grandon tankou fòs demwatye, fòs zotobre tankou fòs pwoletè, fòs nou tout ki anvi viv, ki anvi viv ansanm, nou tout ki kwè nan peyi a, ki fini pa konprann sèl kote ki rele n chèmèt chèmètrès, se peyi d Ayiti.

Jan sitiyasyon prezante la a, se oswa n genyen ansanm, oswa n peri ansanm.

Nou byen konnen pou tèt ansanm rive tabli, fòk gen kondisyon. Fò n kreye kondisyon pou tout moun an konfyans, pou nou tout santi lè peyi a bon se pou nou tout l ap bon, se nou tout ki gen dwa sou li, se nou tout ki gen enterè pou l bon.

Pou nou rive jwenn bonjan solisyon, nou dwe chache konnen ki kote fenomèn lan soti, ki sa k mennen l.

An nou gade ansanm ki sa nou fè ak peyi a pandan 35 dènye lane yo?

  • Nou kraze Leta a ak tout enstitisyon l yo;
     
  • Nou kraze ekonomi peyi a. Nou fini ak sektè agrikòl la, nou ratibwaze endistri yo, sitou sa k te konn travay pou mache lokal la;
     
  • Nou mete sou kote tout faktè ki te konn kenbe lyen sosyal yo djanm, tout faktè k te konn fè w santi ou fyè dèske w se Ayisyen;
     
  • Nou gaspiye resous peyi a; nou derefize ba yo valè. Nou kreye tout kondisyon pou yo pa ka itilize yo, pou yo rete deyò, keseswa resous moun ki blije pati oswa nou pa bay travay, resous lajan nou prefere kenbe nan labank olye nou envesti yo, resous latè k ta ka pwodwi bon jan manje, resous flè, fèy, ekòs rasin ki ta ka fè bonjan remèd. Nou gaspiye yo pandan n ap plenyen jan nou pòv.

Fòk nou byen presize se pa yon  bagay ki vin pou kont li, kòm ki dire yo  pa t konnen. Se te yon politik byen kalkile, ki gen non ak siyati, ki gen mèt ak patwon. Tout politik yo rele neyoliberal yo, privatizasyon entrepriz rantab peyi a, louvri vant peyi a bay manje, rad, djanni pepe, retire Leta peyi a mete ONG ki sou lobedyans lòt Leta. Se sa n fe pandan 35 dènye lane yo. E se sa n kontinye fè jouk jounen jodi a, ak lafwa, ak konsyans, ak konviksyon.

Nou fè egzakteman tout sa popilasyon an te di l pa t vle yo, tout sa l te rele «remèd chwal» yo. Pou nou evite tou sa l te goumen pou yo, tout sa l t ap reklame  pou l te chanje lavi l.

Li nòmal pou peyi a vin pil mal, pou gen  plis chomaj, plis malsite, plis mize. Li nòmal pou Leta a pèdi plis dwa granmoun li, pou gen plis mekontantman, plis revandikasyon, bò kote popilasyon an. Lè sa a, olye chèf yo pran wout tande, yo pito kontinye ap pike devan nan menm politik  yo k a p lage n  nan twou pi rèd.  Nan menm mouvman an, yo panse tou fòk yo kreye fòs paralèl pa yo, milis pa yo pou yo kwape mekontantman, pou yo kenbe pouvwa yo oswa pou yo pran pouvwa. Listwa bay fòs paralèl sa yo plizye non: tonton makout, atache, chimè, bandi legal, elatriye. Fòs paralèl sa yo jwenn zam, pouvwa, otorite pou yo fè e defè dèyè do lalwa.

Chak jou  k pase, chak gouvenman k monte, fenomèn nan ap laji, plis zam fann fwa ap rantre, ap distribye. Senatè, depite majistra vin rantre nan won  tou. Dezomè, nan koze eleksyon, se pa plis vwa k konte. Se ekip ki gen pi bon zouti yo, ki ka make plis teritwa sou fòs ponyet li a, se ekip sa a ki ka genyen. Nan lane 2018, Chef Lapolis la deklare nan yon deba ofisyel nan Sena a: 80%  zam kò sekirite Senatè ak depite ap itilize yo se zam ilegal. Senatè ak depite wi!!!!

Se menm rezònman an  anpil gwo patwon nan sektè prive a fe. Pou yo pwoteje tèt yo, pou yo genyen pi bon pozisyon sou mache a, fòk chak gen ti fòs pa yo, ti gwoup pa yo, ti milisyen pa yo, mete bon jan zam nan men yo, zam legal, zam illegal.
Jiskaske nou rive yon moman, makout sa yo, attache sa yo, chimè sa yo, bandi legal sa yo vin ap pran otonomi yo, vi n ap travay ak pwòp tèt pa yo oswa ak lòt patwon ki ka bay plis avantaj. Yo vin pran yon lòt  dimansyon. Yo vin pa sou zòd premye patwon yo t ap sèvi a. Oswa yo ka bay plizyè patwon sèvis alafwa. Patwon politik, patwon ekonomik. Yo ka chanje mèt; yo pa chanje metye.

Kòm Leta  sou lagraba, kòm politik dwat e gòch yo kontinye, kòm popilasyon an toujou pa kontan, ensekirite a toujou ap vale teren, kidnapin nan  vin  pran dimansyon n konnen an pandan yon pati popilasyon bidonvil yo sanble apiye bandi yo.

Kidonk ensekirite a ak kidnapin nan pa sot nan syèl, tankou yon papa toudenkou. Se pa yon fatalite. Yo se konsekans tout politik neyoliberal  nou konnen yo. K ap kontinye fè dega  jouk jounen jodia.

Sa vle di tou gen solisyon pou yo.

Fòk tout moun ki  pase nan tèt peyi a pandan 35 dènye ane sa yo, kit yo nan pouvwa a, kit yo nan opozisyon an, ta pare pou yo fè meyakoulpa yo, pou yo rekonèt erè yo te fè oswa y ap kontinye fè nan mete kanpe move politik ki fin ak peyi a, sitou politik neyoliberal yo.

 Fòk yo tou ka admèt jounen jodia priyorite a se konstwi peyi a. Se bay chak sitwayen enterè, anvi, kapasite pou yo patisipe nan yon konbit k ap pèmèt yo reprann chimen lespwa nan lavni peyi d Ayiti.

Fok yo pran konsyans li lè, li tan pou yo rale bak sou «remèd chwal» neyoliberal yo, kase tèt tounen pou vin aplike oryantasyon peyi a te bay tèt li depi plis pase 30 lane, pou kreye  yon lòt Leta. Sa vle di:

  • Yon Leta djanm, ak reprezantan ki soti nan bonjan desizyon majorite pep la; yon Leta ki nan sevis tout popilasyon an;
     
  • Yon desantralizasyon toutbon pou Leta a vini Leta tout peyi a;
     
  • Yon refom agrè fètefouni an favè vre kiltivatè k ap pwodwi manje pou peyi a;
     
  • Yon sektè agrikòl  solid kòm premye baz pou chita yon ekonomi solid;
     
  • Yon endistri ki makonnen ak resous tout kalite peyi a;
     
  • Yon sistèm edikatif kote tout timoun al lekòl pou yo aprann renmen peyi yo, pwoteje anvironman yo, valorize kilti yo, ranmase tout konesans itil;
     
  • Yon sistem sosyal kote dwa manje, bwè, dòmi, dwa lasante, travay, lajistis,  asire komsadwa pou tout sitwayen,
     
  • Yon sistem jistis kote jij yo soti nan toyo Asanble Kolektivite Teritoryal yo dekwa pou  lajistis la pa depaman ak enterè popilasyon an;
     
  • Yon peyi kote tout pitit li gen menm dwa, menm devwa, menm opòtinite.

Se peyi sa a n te vle konstwi, se Leta sa a n te vle mete kanpe, se pou sa n t al vote manman lwa peyi a nan dat 29 mas 1987.

Se wout ki pi kout, si nou vle tout peyi a nan tout kwen l mete ansanm pou fè yon koukourouj kont kidnapè, bandi ak tout machann ensekirite, kit yo se ayosyen, kit yo se etranje, kit yo se moun k ap bay lòd, kit yo se moun k ap pran lòd. Si se pa sa, n ap pedi peyi a. N ap kite l pou bandi. Pèp ki nan malsite a pap fe diferans ant bandi ak sitwayen onèt. N ap kontinye pedi souvrente n. N ap toujou blije chita tann desizyon blan an, chak fwa n ap bezwen mete oswa retire yon gouvenman.
An verite an verite, nan kafou n rive jodi a, se swa n genyen ansanm, se swa n pedi ansanm. Pa gen wout pa bwa.

18 me 2021
Fritz Deshommes
Rektè UEH

*

 Viré monté