Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Nou se ITIAHaiti : We are ITIAHaiti

Courtesy: James Micaël Pierre

January 20, 2021 : 20 Janvye 2021

[Entwodiksyon —John Youki Laguerre— Introduction
ITIAHaiti

Nous sommes côte à côte  We are side by side
Pour la promotion de la jenesse  For youth promotion
L’inclusion et la cohésion sociale  Inclusion and social cohesion

(I) Premye kouplè  (John Youki Laguerre) First stanza

Jèn Ayisyen m yo, fò n pa dekouraje  My Haitian Youths, you must not be discouraged
Ak move lavi nou jwenn sou wout nou  With bad life encountering on your road
Nou dwe konnen ke nou se fòs peyi a  You must know that you’re the country’s strength
Nou se limyè k ap briye e  We are the shining light
An nou klere wout pou lòt yo  Let’s shine the road for others

REFREN : CHORUS

Nou se ITIAHaiti (2 fwa)  We are ITIAHaiti (twice)
K ap fè wout pou lòt yo  Who are making road for others
Y a va jwenn kote pou yo met pye yo  They’ll find a spot to put their feet
Nou se ITIAHaiti (2 fwa)  We are ITIAHaiti (twice)
N ap klere wout pou lòt yo  We are shining the road for others
Y a va jwenn kote pou yo met pye yo  They’ll find a spot to put their feet

(II) Dezyèm kouplè  (Judley Souffrant) Second stanza

Fòk nou pa bliye nou se piyone peyi a  We must not forget that we’re the country’s pioneers
K ap ede kilti nou avanse e  Who are helping with our culture’s advancement
Nou dwe gen menm vizyon  We should have the same vision
Pou yon lòt jenerasyon  For another generation
Pou nou viv san presyon  To live without pressure

(III) Twazyèm kouplè (Pierre Frantz Maxi) Third stanza

Itiyayis yo gen misyon  The Itiayists have a mission
Pou konsève idantite Ayiti  To keep Haiti’s identity
Nou fè amoni ant ayè ak kounyeya  We make peace between yesterday and now
Pou defini yon bon demen  To define a good future

(IV) Katriyèm kouplè (?) Forth stanza

Nou kwè nan evolisyon  We believe in evolution
Epi nou kwè nan kouraj nou  And we believe in our strength
Nou miyonnen viktwa nou  We cherish our victory
Nan lang kreyòl la  In the Kreyòl language

(V) Senkyèm kouplè (Amòs Alabre, alyas GV) Fifth stanza

O, o, o, o, o … non  Oh, oh, oh, oh, oh… no
Nou kwè nan evolisyon  We believe in evolution
Epi nou kwè nan kouraj nou  And we believe in our strength
Nou miyonnen viktwa nou  We cherish our victory
Nan lang kreyòl la  In the Kreyòl language

(VI) Kouplè 6 (Sindy Desravines, alyas Sinlee) Sixth stanza

An nou travay kòtakòt  Let’s work side by side
Pou chak pawòl nou se yon aksyon  So that each of our word is an action
An nou mete tèt ansanm  Let’s get together
Se sa ki va pilye nou  That will be our pillar

(VII) Setyèm kouplè (?) Seventh stanza

Pou yon bon jan devlopman  For a real development
An nou makònen tout sa nou genyen  Let’s put together all that we have
Pou n ka sove peyi nou  In order to save our country
Lè sa a, tout nasyon va fyè de nou  That’s when all nations will be proud of us.

 

(Ref. artist John Youki Laguerre (singer). “Nou se ITIAHaiti” chan : song. (Live/Lyric Video).
English version: Emmanuel W. Védrine. January 19, 2021).
For contact supporting ITIAHaiti, Wilson Thelimo Louis, President.
Courtesy: E. W. Védrine Creole Project, Inc. (founded 1992)
Boston, Massachusetts. USA.

*

Viré monté