Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Michel-Ange Hyppolite:
vizyon metaforik yon langaj powetik doub

Ak
Jobnel Pierre

Lespwa Lanmou

Yon zèv literè genyen fòs ak enèji pou li transpòte yon lektè nan yon vwayaj, kote li fin suiv wout la, epitou li deside retounen pou li refè vwayaj la. Tout zèv literè ki pote dimansyon sa a genyen nannan, paske yo kapab fasine yon lektè pou li pouse li fè yon lòt lekti zèv la. Lè sa rive, se paske zèv la mennen lektè a nan yon sekans pawòl, ki genyen yon doub dimansyon: yonn se travay ki fèt sou lang nan, epi lòt la se fason otè zèv la travay tèm li chwazi a. Estrateji sa a, mande anpil pasyans. Kidonk, depi powèt la pran tan li pou li byen kontwole estrateji sa a, tèks li pwodui a p ap kite lektè a mete li atè, pa menm  yon segonn pou pi piti; li baze sou yon ekriti mizikal, ki koule luil, gras ak souf kreyativite powèt la. Nan sans sa a, kreyasyon literè se fason yon ekriven jwe avèk lang lan pou li laye nouvote nan espas paj blanch yo, epi libere pisans imajinè li. Tout sa ap fèt, pandan otè a ap fofile mizikalite nan mitan tranch bèlte pou zèv la kapab vin pi djanm. Nou avanse lide sa a, paske genyen zèv powetik, ki touche yon lektè apati fason yon powèt chwazi trete tèm li yo ansanm ak nan fason li konstwi lang powetik li. Se sa powèt Michel-Ange Hyppolite fè, lè li plonje lektè li yo nan yon pwoz powetik ki genyen yon langaj doub, kote lanmou, vwayaj ak peyi brase ansanm nan rekèy Lespwa lanmou (2019). Depi nan koumansman jouk alafen, lektè yo kapab wè nan rekèy sa a, lanmou jwe yon wòl senbolik nan imajinè powèt la, kote li marye l ak yon pwoblematik doub.

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj) se Vis prezidan Biwo Santral Sosyete Koukouy. Li se manm Akademi Kreyòl Ayisyen an. Li ekri plizyè liv pwezi anvan Lespwa Lespwa. Nou kab site Anba-Lakay (1984), Zile Nou (1995). Pi plis toujou li ekri premye woman espitolè nan literati kreyòl Ayiti a, Lèt Ife ak Soul (2006)

1. Ankraj teyorik sou problematik doub

Pwoblematik doub se yon kesyon ki prezan anpil nan literati womantik 19e syèk la. Reflè, miwa, lonbray, marasa epi sozi, se  divès fòm, doub la kapab pran nan yon zèv literè (Rank, 2001; Kovakshazy, 2014). Nan yon esè li ekri ki rele Don Juan et le Double, Rank (2001) fè lis manifestasyon doub la, ki kapab prezante sou fòm lonbray, reflè epi marasa pandan li montre òganizasyon divès fòm doub la pran nan zèv literè li etidye yo. Li entèprete manifestasyon sa a tankou yon repons ekriven an vle bay devan lanmò, paske li ap viv yon angwas lè li wè tan ap pase. Rank di, lonbray reprezante nanm, sètadi pati imòtel yon moun. Selon Rank (2001), reflè pèmèt nou viv kote nasisik lakay yon moun. Rank (2001) ajoute pou li di, lide marasa plis chita sou dyalite nanm yon moun genyen. Marasa se yon reyalizasyon ki genyen doub vizib ki mache avèk li. Se sa ki rive, lè 2 moun soti nan vant yon menm manman menm jou a. Nan lavi kiltirèl ayisyen an, yo itilize mo marasa pou fenomèn sa a. Sepandan, kapab genyen sa nou rele yon konpòtman marasa. Se sitiyasyon moun ki pa fèt menm jou demontre lè yo genyen konpòtman ki sanble, konpòtman idantik. Nan yon langay pasyonèl, moun sa yo kab rele tèt yo marasa. Lè konsa, se ralonj yonn ap pran nan lòt pou yo ale pi lwen ak fòs pozitif yo genyen ki rasanble yo epi makònen yo ansanm.

Nan Réel et son Double, Rosset (1993) rejte lide Rank lan, konsènan asosyasyon ki genyen ant doub ak lanmò. Rosset di se pa lanmò ki pwovoke laperèz lakay yon moun, men se jan moun nan konfwonte li, epi lakrent li genyen. Pawòl sa a, nou dakò sou li avèk Rosset, paske noumenm nonplis, nou pa wè l menm jan ak Rank. Men, genyen yon konsèp enteresan lakay Rank, nou pral itilize, se lide marasa a. Nou kapab konprann nan kesyon doub la, se pa prezans lanmò, men se pito dyalite, ki genyen nan zafè doub la. Alòs, nan vizyon teyorik Rank ak Rosset sou kesyon doub la, genyen yon lide ki enterese nou nan etid sa a, se sa Rank rele marasa epi se sa Rosset rele lakrent. N ap pati sou baz sa a, pou nou tabli yon diskisyon sou manifestasyon doub nan pwoz powetik Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj). 

2. Imaj sinatirèl (fantastik) nan Lespwa Lanmou

Selon Martinière (2008), doub la se lè ou kapab miltipliye yon objè pa de, epitou se lè objè sa a reflete pwòp tèt li. Li kapab yon moun ak lonbray li. Li kapab lòske yon moun se marasa avèk yon lòt moun. Se kapab tou lè 2 moun renmen. Nan kesyon doub, nou kapab pale de sijè tou, sètadi yon endividi, brèf yon moun. Se lè tou, endividi sa a, genyen yon moun, li se marasa avèk li. Nan yon lòt nivo, nou kapab di tou, se lè nan kesyon lanmou tout bon vre, ou damou yon fanm, epi fanm nan damou ou tou. Nou kapab di nan ka sa a, kesyon doub la parèt.

Michel-Ange Hyppolite itilize yon estrateji pou li reprezante relasyon Ife ak Soul nan pwoz powetik sa a. N a genyen pou nou analize kesyon sa a plis an detay pi devan. Se yon fason pou nou pèmèt lektè yo konprann dimansyon metafizik ki lakay powèt la.

Senbòl doub la kòmanse manifeste  depi sou kouvèti liv la avèk prezans de flè ki kwaze ansanm nan yon amoni  natirèl. Yo ap benyen nan basen lanmou apati koulè woz la, sèl rèn nan wayòm yo. Otè a chwazi anpil flè pou li file mesaj li. Tanto se koulè yo ki atire atansyon li, tanto se pafen yo. Sepandan, prezans woz leve mayòl (p. 11, 28,43…). Pou Michel-Ange Hyppolite  rann lanmou omaj, li ba li divès fòm nan liv la: peyi (p. 11-13.), lanfanmi (p. 17-19), zanmtay (p. 31-32), sansyalite (p. 55-58). Se yo tout ansanm ki bay Lespwa Lanmou yon awòm espesyal epi ki reveye pisans lanmou nan lespri lektè a.

Michel-Ange se yon powèt fantastik (sinatirèl), paske imaj doub la reprezante ak mo langaj nou jwenn sou plizyè fòm avèk yon vakabilè  vodoun anndan pwoz powetik li pibliye nan fen lane 2019 la: Lespwa Lanmou (2019). Doub la pran fòm marasa, lonbray, nanm, fasad vizib, fasad envisib, rèv, awousa, dedouble, pawòl doub, vwayaj. Tout endis leksikal sa yo, travèse pwoz powetik Michel-Ange Hyppolite la, epi yo pèmèt nou wè kouman kesyon doub la manifeste sou fòm otè a  vle a,  epi selon entensyon powetik li. Endis, ki plis parèt nan pwoz powetik sa a, se mo marasa a, ki esprime yon doub reyalite yon moun, k ape viv yon istwa damou li pote nan kè l. Se pou sa, powèt la deside pèsonifye Pòtoprens (p. 11) ki se espas rankont imajinè avèk moun sa a. Pòtoprens se yon «Vil marasa» (p. 12), epitou ekriven an pote imaj rèn Anakawona ansanm ak Desalin anndan tèks la. Nan sans sa a, langay doub la reprezante sou fòm batay. Desalin avèk Rèn Anakawona se yon doub istorik nan batay kont lennmi moun ki te viv sou zile, ki rele  Ayiti a anvan Ewopeyen yo te pran zile daso.

Anplis, nou kapab wè powèt la fè referans ak rèv nan pwoz powetik li a. Nan sans sa a, sou baz kilti ayisyen an, genyen yon dyalite ki parèt, se lè yon moun ape dòmi, kò moun nan dedouble, epi li rankontre swa ak lonbray li, swa ak doub li. Nan menm demach nan dòmi sa a, nou kapab di lakay Michel-Ange Hyppolite gen sa anpil kritik yo rele doub astral moun sa a: «Jouk mwen rive jwenn ou nan dimansyon somèy revèy» (p. 43). Nan travay powetik sa a, nou kapab wè, powèt la pote nan li yon langaj onirik ki baze sou rèv pou li esplike relasyon li avèk moun li renmen anpil la, epi ki mennen li sou chemen dantan li: «Se tout oumenm ki ateri tanzantan nan rèv mwen, tankou ochan pou lanmou an dezaj ki ap reviv laventèn» (p. 48). Doub la konplete pisans nanm powèt la, pèmèt powèt la chanje fòm, kote li transfòme gras avèk lanmou li genyen nan kè li: «Ou ban mwen zèl» (p. 47). Kidonk lanmou bay gason zèl pou li vole. Se yon bèl pratik dedoubleman ki la a, kote powèt la vin yon kreyati ki genyen zèl.

Analiz Lespwa Lanmou (2019) pèmèt nou wè, Michel-Ange Hyppolite se yon powèt fantastik, paske li travay tèm doub la selon vizyon lanmou ak reyalite lavi a pou li kreye yon zèv, kote lanmou genyen yon doub dimansyon: lanmou se yon anvi chanèl, ki baze sou yon pasyon resipwòk. Men, lanmou an tou se yon lyen dyaman nan vizyon powèt la, kote li ape chache yon fòm kristalizasyon pou li enkàne l nan kòd lonbrit kosmik li, nan  yon ideyal lavi, pou rankont li avèk fanm sa a rete grave, konekte, ni nan lespri l, ni nan kè li. Lektè ki ap li rekèy sa a kapab wè genyen santiman pataj ki mache ak sans doub sa a. Se posib tou pou lektè yo wè, genyen yon konplemantarite, yon koprezans, monn vizib ak monn envizib. Se nan sans sa a, nou kapab viv tansyon fantastik la oubyen reyalis mèveye a (aspè sinatirèl), ki travèse pwoz powetik sa a: «Pawòl lanmou, pawòl lespwa, pawòl lavi ak divès fasad li genyen yo: fasad kache, fasad vizib, fasad envizib» (p. 28).

3. Imajinè doub nan relasyon Soul ak Ife

Sa ki pi bèl anpil nan travay powetik sa a, se kote tèm lanmou an pran fòm yon doub, paske pou li pale de lanmou, Michel-Ange Hyppolite mete Ife ak Soul anfas pou li tradui fòs lanmou yonn pote pou lòt nan ponmennen sou chimen lavi. Lanmou se pa yon senp tèm, kote ou jwenn emosyon ak santiman, ki travèse lespri ansanm ak kè moun ki nan relasyon damou sa a, men tèm lanmou lakay Michel-Ange Hyppolite vole yon baryè sikilojik, paske li suiv wout imajinè doub pandan li pote yon rezo dimansyon mistik nan kesyon swaf li pou fanm li renmean an. Nan menm sans sa a, powèt la montre kouman Ife ak Soul se marasa:

Kenbe fèm marasa, mwen
se te Ife ki renmen ou anpil
(p. 32)

Tout tansyon lanmou ki egziste nan zèv Michel-Ange Hyppolite la baze sou yon dyalite ki fè nou wè yon doub pèsepsyon reyalite materyèl powèt la. Dyalite sa a touche kesyon alterite ant Soul ak Ife, sitou nan rapò yonn genyen avèk lòt. Lòt moun nan, lòt l ap chèche a, lòt moun li jwenn nan, se yon lòt pati limenm, ki pou konplete li an antye. Doub reyalite sa a travèse tèks la pou l pèmèt nou viv yon langaj doub powèt la esperimante nan pwoz powetik sa a. Doub pèsepsyon reyalite mizèrere oubyen dilere sa a poste tèt li tou tankou yon lanmè doulè, ki travese vwal tèks la, kote li transmèt yon oryentasyon ontolojik ak metafizik (Kovakshazy, 2014) pou li fè vwayajman ki nan pwoz powetik sa a tounen yon kantik damou marasa. Vizyon sa a pran sous li nan travay sou langaj literè powèt la ak nan fason li ranje pwosesis metonimik ak metaforik li itilize nan pwoz powetik sa a pou li pèmèt tèks la vini pi vivan. Se yon vizyon dinamik ki gen orijin li nan filozofi ak vizyon dimonn ki pran rasin lakay zansèt yo, ki soti nan kontinan Lafrik. Vizyon sa a pa menm ak vizyon ewopeyen an, men nou kapab esplike li tou ak teyori Foucault (1966) sou kesyon langaj. Nan Les Mots et les choses, Foucault envizaje langaj la tankou yon espas klivaj soti nan yon estrikti an sifas ak yon estrikti pwofonn, kote toude ape brase ansanm pou pèmèt lektè yo konprann eksperyans reyalite lavi. Se nan diplikasyon reyalite n ap viv la, nou kapab plis konprann sans lavi.

Konklizyon

Pwoz powetik Michel-Ange Hyppolite la valorize yon dyalite depi nan koumansman tèks la jouk li rive nan finisman li. Dyalite sa a parèt  sou fòm absans ak prezans, tristès ak lagete, vizib epi envizib. Li kreye tout yon dyakout fòm ak sans nan Lespwa Lanmou (2019). Pou li benyen nan sous lagete, otè a ekri: «Nan sezon kalmi ou ban mwen jèvrin. Ou se parad, bèl fèt, drapo tout koulè ki ap defile. Lakansyèl je klè ki ap chofe kontantman mwen.» (p. 58)

Nan sezon tristès, li ekri: «Chak fwa mwen anvi plenyen, mwen va fouye byen fon nan flanm pasyon mwen, pou mwen tate pasyans, sonde lespwa, louvri baryè kouray, pou mwen tann...», (p. 35)

Se divès moman sa yo nan Lespwa Lanmou ki montre dimansyon  metafizik ak powetik tèks Michel-Ange Hyppolite la, ki chita sou pawòl lanmou ki ape mennen lektè a nan yon vwayaj: «Poutan, kòtakòt, yon pè zo byen monte, mwen avèk lonbray ou, nou t ape mache ansanm» (p. 11). Si nou gade byen, vwayaj sa a genyen ale ak retou ladann, ni pou powèt la, ni pou lektè a. Kidonk, pwosesis paradòks la reprezante toupatou nan pwoz powetik Michel-Ange Hyppolite la, ki pwopoze yon vizyon metaforik nètalkole sou yon langaj doub. Sa montre tou, pwezi se yon pwosesis kreyasyon ki nesesite travay sou lang lan, men an menm tan tou, kreyasyon an dwe benyen avèk nouvote, bèlte ak imaj tankou Michel-Ange Hyppolite fè nan estrateji dedoubleman ekriti powetik sa a. 

Jobnel Pierre
Manm Sosyete Koukouy Kanada
Ansyen Redaktè Kiltirèl nan Le Nouvelliste

Bibliyografi

Foucault, M. (1966). Les Mots et les choses, Paris: Éditions Gallimard, coll. «Tel», 400 p. 

Hyppolite, M.-A. (2019). Lespwa Lanmou. Ottawa: Samedi littéraire haitiano-canadien, SosyeteKoukouy, 62 p.

Martinière, N. (2008). Figures du double. Du personnage au texte. Rennes: Presses universitaires de France. Consulté le 22 décembre 2019. http//books.openedition.org.

Rank, O. (2001). Don Juan et le Double. Paris: Éditions Payot et Rivages, Coll. «Petite Bibliothèque», 234 p.

Rosset, C. (1976). Le Réel et son double. Essai sur l’illusion. Paris: Éditions Gallimard, 130 p.

Kovakshazy, C. (2014). «Les doubles au XIXe siècle». Québec: Québec français, 173, p. 31-35.

*

 Viré monté