Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Beethova Obas nan Duke University:
yon pèfòmans chaje ak kadans

Jacques Pierre

Tan an te sonb anpil. Dènye pyebwa koumanse pèdi fèy yo. Tout moun te blije mete yon chanday sou yo pou fredi a pa fè yo esplikasyon. Erezman, pa te gen lanèj. Sou kanpis Duke la te gen yon ale vini san rete. Se senmèn etidyan yo gen pwojè final pou yo remèt. Se moman an tou kote diferan òganizasyon ak fakilte ap òganize yon ti fèt pou selebre fen semès la ak kè kontan. Pami tout aktivite sa yo, Beethova te nan Duke nan dat 4 desanm 2019 la pou mete yon bèl anbyans sou kanpis la.

Li fè 6:10 nan aswè, tanperati a kontinye ap desann. Atis la rive nan sal kote li pral jwe a pou li tcheke si sistèm son an nan gou li. Antan aranjman son an ap fèt, anpil moun koumanse rive pou vin chante ak atis la. Nan koulwa Ruby Lounge lan, ou kapab tande yon flonn pawòl an kreyòl ak bèl kout ri ki ranpli espas la. Nan tout pawòl sa yo, men sa m te plis tande «pa gen anyen ki t ap fè m rate konsè sa aswè a.» Pou etranje yo ki te nan koulwa a, se ak anpil kontantman yo te vin koute mizik ayisyen. Yo tout gen bonjan souvni de 3 dènye konsè yo (Manno 2016, Tinès 2017, BélO 2018) ki te fèt nan Duke University. Tankou pawòl la di: «Zonbi goute sèl, li pa mande rete.»  
 
Lè a ap mache sou nou, li deja 6:45 nan aswè, pòt la louvri. Nan mwens pase dis minit, tout moun gen tan chita. Konesans ap fèt. Se moman pou Ayisyen ki nan kominote a fè yon ti pale yonn ak lòt, chanje nimewo telefonn, bay de ti blag epi vire deba a nan politik. Yonn ap di lòt menm pawòl la «ou pa tande sa k ap pase Ayiti, pitit!» Lè a rive, mwen entwodui Beethova Obas. Rapid, yon bravo san kanpe akonpaye l jis li rive sou podyòm nan.

Nan mitan bravo a, atis la demare premye wonn konsè a ak Rasanble. Yon silans anvayi sal la tank pawòl ki nan mizik la rive touche anpil nanm «Ayisyen, rasanble, pa di n pa mele, o Ayisyen, rasanble, nou tout konsène……» Konpatriyòt mwen yo merite tande yon chante kon sa chak jou pou souke konsyans yo si yo vle wete peyi a nan katchouboumbe li ye a. Menm lè pawòl yo te fè anpil nan piblik la soupire, men sa pa te anpeche yo viv mizik la ak bèl kout kadans. Pou de twa etranje ki pa konprann lang lan, bonjan kout gita ak vwa atis la te rive sou yo jous yo tonbe kadanse.

San kanpe, atis la anchennen ak Le chant de liberté, Si, Ase babye. Chak grenn chante sa yo se yon envitasyon pou yon moun medite sou moman difisil Ayiti ap travèse depi lontan. Nan tout chante sa yo, ou kapab santi yon fòs rezistans nan vwa atis la ki kwè Ayiti pa fouti rete a tè a nèt. Anpil nan konpatriyòt nou yo te jwe wòl entèprèt nan fè nannan mesaj ki nan chak premye mizik yo ateri nan zòrèy sila yo ki pa (fin) konprann lang lan.

Nan dezyèm wonn nan, atis la demare ak Nou pa moun. Nan yon angle ki byen koule, atis la esplike kontèks ki anviwonnen chante a. Dapre Beethova« Si yon pèp rive asepte viv nan kondisyon malsite sa a san li pa revòlte, li pa moun. » Anbyans lan ap pran chè. Atis la kontinye ak Ala remò. Refren mizik la «peyi m nan pa poubèl, pa jete fatra ladan» se tankou yon kout kamera sou binèt peyi a. Chak grenn chante jou swa sa a se yon kout lanbi pou tout Ayisyen rasanble si yo vle konbat lamizè vre pou mete Ayiti doubout.

Nan menm koze lamizè a, atis la tou sèvi piblik la Plezi mizè. Mizik la koumanse byen tris. Dousman dousman, yon ti rit anba anba ap monte pou akeyi de twa refren mizik tradisyonèl. Annik atis la tanmen ak «kote moun yo woy, mwen pa wè moun yo, kote moun k ap pale moun mal…» anbyans lan dekole. Twa ka sal la tonbe chante ak atis la. Chak grenn Ayisyen ki te la ap reviv moman titès yo ann Ayiti. Nan menm chante sa a, atis la tou lage refren popilè sa a «grenn zaboka sèvi zorye anba latcha, aswè a, m p ap dòmi, yas!» Tèt chaje! Kadans ak chika fè yonn lakay anpil moun pou yo te pouse kout yas pa yo. Enben, «Kreyòl pale, kreyòl konprann.»

Pou fini ak dezyèm wonn nan, atis la dedye Nwèl Anmè pou tout konpatriyòt nou yo k ap travèse yon move pas lakay akoz tout kalite barikad ki nan wèl yo. Jis yon ti istwa, mizik sa a te parèt sou tit Babylon (Babilòn) nan lane 1988. Se gras a chante sa a Beethova Obas t apral ranpòte pri Découverte RFI a nan lane 1988, sèt lane apre pri sa a te kreye.

https://www.dailymotion.com/video/xhfwbo. Beethova se premye Ayisyen ki pran pri sa a. E depi lè a, mizik li pral mennen l anpil kote nan mond lan.      

Nou rive nan dènye wonn konsè a. Atis la jwe Kite m ri. Chante sa a se yon chante mwen menm ak etidyan (Duke University & University of North Carolina nan Chapel Hill) ki nan Kreyòl 203-01 (nivo entèmedyè) te mande atis la jwe pou nou. Se yon chante nou te travay sou li nan klas semès sa a. Li te enpòtan pou elèv yo viv chante a an dirèk. Yo te vreman amize yo nan moman sa a.   

Chalè anbyans lan ap monte. Atis la mande piblik la pratike refren sa a «woy woy, ti papa» anvan li koumanse mizik Ti Papa a. Dapre atis la «mond lan nan eta li ye jodi a paske li chaje ak ti papa k ap dirije li. Se entèrè pa ti papa yo sèlman ki enterese yo. E tout ti papa sa yo konn yonn lòt, yo pale menm lang e yo gen menm ajannda. Atis la te menm rive mande piblik la si gen yon ti papa nan peyi isit jodi a.» Tankou pawòl la di: «Pawòl twò fon, machwè gonfle.»  

Tan an ap file. Atis la jwe Couleur Café. Chante sa a se Serge Gainsbourg ki mèt li. Ant atis, yonn prete nan men lòt tankou sa fèt nan koze lang ak lang tou. Entèpretasyon an te fè de twa nan konpatriyòt nou yo reviv peryòd chansonèt franse te gen yon gwo plas nan plizyè radyo ann Ayiti. Atis la te ateri entèpretasyon an nan rit lakay ak bonjan kout kòd gita ki te byen kenbe kadans anbyans lan.

Pou fini, atis la te fè yon ti pale sou ki jan mizik Achile Paris (Ti Paris) make lavi li. Ti Paris se yonn nan premye twoubadou ayisyen ki kite yon bèl eritaj mizikal pou Ayiti. Anvan atis la te jwe mizik la, li bay yon blag tèt chaje. Domaj pou ou menm ki pa te la pou patisipe nan bèl kout ri sa a ak nou! Beethova te jwe mizik sa a pou rann Ti Paris yon omaj san parèy. Pou Beethova te fè sa pi byen, li te envite tout moun nan piblik la chante refren sa a ak li «ay Lina, ay Lina manman, chèch(e) on batwèl pou bat dada m.» Nou envite w gade ti klip sa a pou wè ki jan bèl kout ri ak bonjan kadans te fè yonn nan fen konsè a. Chapo ba pou Beethova Obas!

Koutwazi: Mav Mas

Jacques Pierre
@PJacquespie
Co-directeur de Haiti Lab, Duke University

*

 Viré monté