Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Deklarasyon Sosyete Koukouy
Pou Jounen Entènasyonal Lang Matènèl

21 Févriye 2019

Source du manifeste UNESCO.

Batay pou fè lonè lang matènèl pèp ayisyen an, lang kreyòl la, te kòmanse depi anvan ane 1950 yo avèk anpil kreyolis konsekan. Rive nan ane 1960 yo, te  vin genyen Òganizasyon Mouvman Kreyòl Ayisyen, ki te fonde Sosyete Koukouy.

Òganizasyon sa a te kanpe dyanm pou li nouri lit pou lang pèp la kontinye fè chemen li. Rive nan ren ane 1960 yo bwa a te mare san rete jouk nou te rive nan ane 1987, kote atik 5 konstitisyon ki te pibliye nan menm ane a (1987) te mete lang kreyòl la nan ran lang ofisyèl peyi a.  Anndan menm konstitisyon sa a, te genyen atik 213 la ki te bay pwovizyon pou kreyasyon yon Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA). Akademi an te vin yon reyalite nan Le Moniteur 7 avril 2014 la,  epi jou 4 desanm 2014 limenm se te entwonizasyon Akademisyen yo.

Depi kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an, Sosyete Koukouy vin santi nesesite pou li travay avèk objektif pou li ankouraje  travay wòdpòte nan literati kreyòl Ayiti a.

Konsa, pami rezolisyon BiwoSantral Sosyete Koukouy te pran pandan dènye Woumble ki te fèt nan dat 28 oktòb 2018 la anndan Miyami, Florida, te genyen kreyasyon plizyè kalite Pri literè, ki vin ajoute sou Pri Jan Tanbou (Henri Claude Daniel) pou woman ki ekri nan lang kreyòl la. Nou ap raple, Pri Literè Jan Tanbou pou woman an te tabli nan ane 2015. Premye fwa Pri sa a te soti, womansye ki te resevwa li, se te Pierre Michel Chéry, yon ekriven konsekan ki toujou ap milite pou avansman lang kreyòl la.

Lòt Pri ki vin genyen kòtakòt ak Pri Jan Tanbou a, se

Pri Jan Mapou (Jean-Marie Willer Denis) pou Teyat Amatè,
 
Pri Pyè Banbou (Doktè Ernst Mirville) pou  domèn  Lengwistik,
 
Pri Togiram (Émile Célestin-Mégie) pou Pwezi, 
 
Pri Lasirèn (Yolande Thomas) pou Kominikasyon.

Anplis entansyon pou nou ankouraje travay siperyè nan lekriti, nou ap devlope yon diksyonè elektwonik. Tout sa se fason pa nou pou nou montre jèn ekriven yo modèl travay byen fèt, ki kab sèvi yo gid nan vwayaj pa yo ak mak eksperyans sila yo sou chemen literati Ayiti ki ekri nan lang kreyòl la.

Biwo Santral Sosyete Koukouy

«Nou ap Klere nan fènwa»

boule

 Viré monté