Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Rapò sou jounen selebrasyon lang kreyòl ak kilti ayisyen

Hugues Saint-Fort

Depi 1983, chak ane, nan zile kreyolofòn kote moun pale yon lang kreyòl ki baze sou franse, yo selebre lang kreyòl ak kilti kreyòl nan fen mwa oktòb. Anfèt, genyen yon jou espesyal pou selebre lang kreyòl yo. Jou sa a se 28 oktòb. Men, se pa sèlman nan zile kreyolofòn yo, moun selebre lang ak kilti kreyòl. Selebrasyon yo dewoule tou nan kominote kreyolofòn ki tabli nan gwo vil diaspora yo, tankou New York, Boston, Miami, Montréal, Toronto, Paris, elatriye.

Nan New York, komite selebrasyon lang kreyòl ak kilti ayisyen te fè selebrasyon sa a pandan 3 jou: jedi 26 oktòb, vandredi 27 oktòb, epi samdi 28 oktòb, nan Brooklyn College. Se sou aktivite 3 jou sa yo mwen pral pale jodi a.

Donk, aktivite yo te kòmanse jedi 26 oktòb a 6 zè lan Auditorium Woody Tanger ki lan Bibliyotèk Brooklyn College la. Se Menesky (Sky) Magloire ki te louvri seyans lan. Li pale sou plas ak enpòtans imigrasyon nan istwa Etazini, epi li entwodui Dr. Carole Bérotte Joseph, gwo save nan kesyon sosyolengwistik ak edikasyon bileng, pwofesè Emerita  e  ansyen prezidan Bronx Community College nan CUNY. Dr. Carole Joseph te pibliye an 2010 ansanm ak Dr. Arthur Spears yon liv enpòtan ki rele The Haitian Creole Language: History, Structure, Use, and Education.  

Aktivite a te kòmanse vrèman ak yon fim dokimantè ki rele Living Undocumented. Reyalizatè fim lan se Ben Denellon avèk Tatyana Klein. Se yon fim ki rakonte tribilasyon jenn gason ak jenn fi ki te antre nan peyi isit avèk paran yo san “green card”. Fim lan te pran egzanp 6 jenn etidyan san papye yo rele kounyè a “DACA”. DACA se yon acronym angle ki kanpe pou “Deferred Action for Childhood Arrivals” (Aksyon ki difere sou ka jenn gason ak jenn fi ki rive Etazini timoun piti).

Tèm aktivite a se te Jenn Ayisyen ak imigrasyon: An n òganize pou n gen batay sa a.

Apre fim lan, moderatè panel la, Dr. Carole Joseph entwodui 3 manm panel la : Stephanie Delia ki se Avoka Sipèvizè lan òganizasyon ki rele CUNY Citizenship Now; Nancie Adolphe, responsab Flanbwayan Haitian Literacy Project; epi Ninaj Raoul, co-responsab òganizasyon ki rele Haitian Women for Haitian Refugees.

Pandan anviwon 60 minit, 3 medam sa yo bay yon pakèt enfòmasyon. Stephanie Delia, antanke avoka imigrasyon te esplike nan bon ti mamit yon pakèt pwoblèm pou jwenn “green card” nan peyi isit.

Nancie Adolphe, antanke responsab Flanbwayan pale sou travay li kote li ede fanmi ayisyen ki bezwen sipò ak timoun yo nan lekòl. Li bay gwo kout men pou ede jenn yo nan kominote a kenbe kilti yo, jwenn travay, jwenn bous detid …   

Ninaj Raoul esplike travay l ap fè pou refijye ayisyen, batay l ap mennen pou dwa fanm ayisyen ki ap travay lan kay prive e ki viktim abi y ap fè yo, batay l ap Mennen ansanm ak jenn ayisyen ki fè pati gwoup yo rele DACA, osnon gwoup yo rele TPS (Temporary Protected Status). Te genyen anpil kesyon asistans lan te poze. Panel lan te founi michan repons epi  tout moun te satisfè anpil lè seyans lan te fini.

Vandredi 27 te dezyèm jou selebrasyon an. Nou te kòmanse avèk vant siyati liv (Hugues Saint-Fort, Rozevel Jean-Baptiste, Cauvin Paul, Pierre-Richard Narcisse). Se Dr. Lily Cérat ki te delivre mesaj pou louvri konferans lan avèk yon michan istwa. Apre sa, Jean Eddy Saint-Paul, direktè Haitian Studies Institute nan Brooklyn College te fè yon gwo diskou sou enpòtans Institi a nan kominote ayisyen Brooklyn. Se Nathalie Batista Puente ki te delivre prezantasyon prensipal la. Tèm li te devlope a se te Prezans kilti kreyòl la nan nouvo jenerasyon kiben ak nan enstitisyon Kiba.

Natali fè pati dezyèm jenerasyon kiben ki genyen zansèt ayisyen. Papa li se yon Ayisyen ki ap viv lontan nan Kiba, men manman li se yon dam kiben. Natali fèt Kiba men li pa janm abandone kilti ayisyen an. Li konprann epi li pale kreyòl ayisyen prèske menm jan avèk nenpòt Ayisyen. Natali se youn nan pi bèl egzanp yon moun ki « bikiltirèl » e « bileng ». Li esplike nou genyen anviwon 400.000 Kiben ki gen orijin ayisyen k ap viv nan Kiba. Se Kiben-Ayisyen sa yo ki kenbe kilti ayisyen an byen vivan nan Kiba. Natali te pase videyo ki montre Kiben dorijin ayisyen k ap danse, chante epi pale kreyòl.

Te genyen anpil moun ki te poze kesyon apre prezantasyon Natali a. Sware a te fini avèk yon michan pèfòmans kiltirèl ki te yon montaj pwezi ak teyat epi yon resital pwezi avèk powèt Pierre-Richard Narcisse.

Samdi 28 oktòb  te twazyèm jou selebrasyon lang kreyòl ak kilti ayisyen nan Diaspora  Nouyòk la. Se Mona Lisa Jean Ferrari, yon potomitan nan Komite Selebrasyon an  ki te louvri jounen an. Li te remèsye asistans lan ki te reponn prezan nan jounen sa a epi  felisite tout kòlèg komite a ki te ba li gwo koutmen. Nicole B. Rosefort te pale tou pou li esplike travay l ap fè nan NYS RBERN pou kore edikasyon bileng nan Eta Nouyòk la.

Premye gwo aktivite nan jounen sa a se te 3 atelye travay sou lang kreyòl ayisyen. Premye atelye a te fèt sou prensip ki gide òtograf ofisyèl lang kreyòl. De (2) moun ki te anime atelye sa a se te sikològ Menes Dejoie avèk pwofesè Myriam Augustin. Gras a 2 moun sa yo, asistans lan te aprann ke lan dat 22 ak 31 janvye 1980, te genyen yon kominike Sekreteri deta Edikasyon nasyonal te mete deyò epi ki    etabli ki jan moun dwe ekri lang kreyòl ayisyen. Prensip de baz ekriti a se fè chak son koresponn a chak lèt nan nenpòt pozisyon nan fraz la. Se yon òtograf ki fonolojik ki pa fonetik, ni etimolojik. Puiske genyen trannde (32) son nan lang kreyòl ayisyen, dwe genyen tou trannde (32) lèt. 32 Lèt sa yo divize an 3 kategori: vwayèl, konsòn ak demi vwayèl. Asistans lan te poze anpil kesyon sou prensip sa yo.

Se Dr. Hugues Saint-Fort ak pwofesè e bibliyotekè Jean Refusé ki te anime dezyèm atelye a. Saint-Fort ak Refusé te ale pi lwen sou kesyon prensip ki gide òtograf lang kreyòl ayisyen. Hugues Saint-Fort te fè yon rale sou syans lengwistik pou li esplike sa yo rele langaj, lang, son, lèt… Langaj se yon fakilte ki egziste kay kretyen vivan, ki fèt avèk li epi ki pèmèt kretyen vivan aprann lang. Genyen apeprè 6.000 lang moun pale sou latè. Premye reyalite yon lang se son li ye. Lè nou mete son sa yo ansanm, yo vin fè mo. Lé nou mete mo sa yo ansanm, yo fè fraz. Fraz se pi gwo rasanbleman mo ki gen yon sans konplè.

Pwofesè Jean Refusé te fè yon rale sou michan dokiman ki rele Premye rezolisyon sou òtograf lang kreyòl ayisyen ke AKA te pibliye an Jen 2017.

Se Pwofesè Yves Raymond ak lidè kominotè Djo D. Chery ki te anime twazyèm atelye a. Pwofesè Raymond ki se yon espesyalis ki lisansye nan tradiksyon ak entèpretasyon te fè yon michan rale sou 2 aktivite sa yo. Li bay yon pakèt detay sou yo, esplike pwoblèm ki parèt lè moun ap tradui sòti nan angle rive nan kreyòl, epi sòti nan kreyòl rive nan angle. Li montre diferans kiltirèl, sentaksik osnon leksikal ki egziste ant 2 lang sa yo e ki konn responsab pwoblèm sa yo.

Te genyen yon gwo pèfòmans kiltirèl ki te tabli apre sa. Se elèv P.S. 189 Dance Ensemble ki te fè pèfòmans sa a.

Pwofesè Jacques Pierre ki ap anseye Lang kreyòl ak Kilti ayisyen nan Duke University te anime Rasanbleman jeneral la. Tèm pwofesè Jacques Pierre te trete lan prezantasyon li an  te: An nou kreye plis espas pou Kreyòl nan mond lan. Pandan plis pase 60 minit, pwofesè Pierre te fè yon kokennchenn prezantasyon sou evolisyon lang kreyòl ann Ayiti ak nan dyaspora a, li te bay pwòp pozisyon pa li sou franse ak kreyòl ann Ayiti, pozisyon kreyòl ayisyen parapò ak lòt kreyòl ki baze sou franse nan Karayib la, etc…  

Apre poz pou manje a, yon lòt michan panel te pran kòn lan. Te genyen 2  akademisyen Clotaire Saint-Natus ak Féquière Vilsaint ki te entèveni. Te genyen tou Jean Refusé ak Yasmine Fidelia ki se yon direkté lan P.S. 276 NYCDOE ki te pran lapawòl. Moderatè a se te Menès Dejoie.

Dènye konferansye a se te Manuel de Jesus Dandre ki se yon avoka pou gwoup Movimiento Socio Cultural de Trabajadores Haitianos (MOSCTHA). Avoka Dandre se yon Dominiken ki gen paran ayisyen men ki te grandi nan Repiblik Dominikèn. Li te fè yon kokennchenn temwanaj sou sitiyasyon travayè ayisyen k ap viv nan RD. Asistans lan te satisfè anpil. Twa (3) jounen sa yo se  te youn nan pi bèl selebrasyon senpozyòm sou lang kreyòl ak kilti ayisyen ki te fèt nan NY.

Hugues Saint-Fort               

boule

 Viré monté